1 Konsa pale SENYÈ a a Cyrus, onksyone Li a, ke M te pran pa 45:1 Sòm 73:23men dwat la, pou soumèt nasyon yo devan l e pou lache senti a wa yo, pou ouvri pòt devan l pou pòtay yo pa fèmen:
2 "Mwen va ale devan ou
pou 45:2 Sòm 107:6fè move kote yo vin swa.
Mwen va kraze pòt an bwonz yo
e fin koupe nèt ba an fè li yo.
3 Mwen va bay ou 45:3 Jr 41:8trezò lannwit yo
ak richès k ap kache kote sekrè yo,
pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a,
Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.