Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 49

1 Koute Mwen, O 49:1 És 42:4lil yo

e tande byen, pèp ki sòti lwen yo.

SENYÈ a te rele Mwen depi nan vant;

depi nan vant manman M, Li te rele M.

2 Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file;

nan 49:2 És 51:16lonbraj men L, Li te kache Mwen.

Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli,

e Li te kache Mwen nan fouwo Li.

3 Li te di Mwen: 49:3 Za 3:8"Ou se sèvitè Mwen,

Israël nan sila Mwen va montre glwa Mwen an."

4 Men Mwen te di: "Mwen te 49:4 És 65:23travay di an ven.

Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite;

sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a,

e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an."

5 Konsa pale SENYÈ a, ki te fòme m depi nan vant

pou m ta Sèvitè Li a:

Li di pou mennen retounen kote Li a,

pou Israël ta ranmase vè Li

(paske mwen te 49:5 És 43:4resevwa lonè nan zye SENYÈ a

e Bondye Mwen an se fòs Mwen),

6 Li di: "Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen,

pou leve fè monte tout tribi yo,

e restore retay Israël la.

Konsa anplis, Mwen va fè Ou 49:6 És 42:6yon limyè a nasyon yo,

pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè."

7 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an,

a Sila ke lòm 49:7 Sòm 22:6-8meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an,

a Sèvitè a chèf yo:

"Wa yo va wè e vin leve,

Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a,

Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a."

8 Konsa pale SENYÈ a, se nan yon tan konvenab,

ke M te reponn Ou.

Nan jou sali a, Mwen te bay Ou sekou.

Mwen va kenbe Ou e 49:8 És 42:6bay Ou kon yon akò pou pèp la,

pou restore peyi a, e pou fè yo posede eritaj dezole yo.

9 Pou pale a 49:9 És 42:7kaptif yo: ‘Vin parèt’!

Epi a sila nan tenèb yo: ‘Montre tèt ou’.

Akote chemen yo, yo va manje

e patiraj yo va sou tout wotè vid yo.

10 Yo p ap grangou, ni soufri swaf,

ni solèy ki brile p ap frape yo;

Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va 49:10 Sòm 23:2mennen yo

e va gide yo rive nan sous dlo yo.

11 Mwen va fè tout 49:11 És 40:4mòn Mwen yo vin yon chemen,

e gran chemen Mwen yo va vin leve wo.

12 Gade byen, sa yo va vini sòti lwen;

epi gade, sila yo va soti nan 49:12 És 43:5-6nò ak nan lwès la,

e sila yo va soti nan peyi yo.

13 Rele fò ak jwa, O syèl yo!

Rejwi, O latè!

Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo!

Paske 49:13 És 40:1SENYÈ a te konsole pèp Li a.

Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.

14 Men te di: "SENYÈ a te abandone mwen,

e Senyè a te bliye mwen."

15 Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a,

pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an?

Menm sila yo ka bliye, men 49:15 És 44:21Mwen p ap bliye ou.

16 Gade byen, Mwen te 49:16 Kan 8:6enskri ou nan pla men Mwen.

Miray ou yo devan Mwen tout tan.

17 Fè pitit ou yo, fè vit.

Sila k ap 49:17 És 10:6detwi yo e k ap devaste yo va kite ou.

18 "Leve zye ou e gade toupatou;

yo tout rasanble ansanm pou yo vin kote ou.

49:18 És 45:23 Kon Mwen viv la," deklare SENYÈ a:

"Ou va, anverite abiye ak yo tout,

pou yo sèvi kon bijou ou,

e tache yo sou ou kon yon jenn fi k ap marye."

19 Nan plas dezè e dezole ou yo,

nan peyi detwi nèt ou a,

anverite, koulye a, ou va manke kont espas pou sila ki vivan yo,

e 49:19 Sòm 56:1-2sila ki te vale ou yo va ale byen lwen.

20  49:20 És 54:1-3 Pitit ke ou te pèdi yo va gen tan di nan zòrèy ou:

"Plas sa a twò piti pou mwen;

fè espas pou mwen pou m ka viv isit la."

21 Epi ou va di nan kè ou: ‘Se kilès ki te fè sila yo pou mwen,

paske mwen te pèdi pitit mwen yo,

e mwen rete sèl, yon 49:21 És 5:13egzile e yon vwayajè?

Konsa, se kilès ki te leve sila yo?

Gade byen, mwen te kite sèl. Ki kote sila yo te sòti?’"

22 Konsa pale Senyè BONDYE a:

"Gade byen, Mwen va leve men M vè nasyon yo

e Mwen va monte drapo Mwen a lòt pèp yo.

Yo va 49:22 És 14:2mennen fis ou yo nan sen yo,

e fi nou yo va pote sou zepòl yo.

23 Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo,

e fi yo kon manman nouris.

Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè,

pou niche pousyè nan pye ou.

Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a;

sila ki 49:23 Sòm 37:9tann Mwen yo p ap vin wont."

24  49:24 Mat 12:29 Èske piyaj la kapab rache nan men a nonm pwisan an?

Oswa èske kaptif lejitim yo kapab delivre?

25 Anverite, konsa pale SENYÈ a: "Menm 49:25 És 10:6kaptif a nonm pwisan la va soti,

e piyaj la va rache nan men nonm fò a;

paske Mwen va batay ak sila ki batay avèk ou

e Mwen va sove fis ou yo.

26 Mwen va fè opresè ou yo manje pwòp chè yo;

yo va vin sou ak pwòp san yo tankou ak diven dous.

Konsa, tout chè va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a,

se Sovè ou e redanmtè ou, Pwisan A Jacob la."

Pessoa
H3290
Jacó
יַעֲקֹ֑בyaaqovΙακωβIakob
Jacó, filho de Isaque, comprou de Esaú o direito de primogenitura, lutou com Deus em Peniel e recebeu o nome Israel; seus doze filhos deram origem às tribos (Gênesis 32:28).
Significado: “Aquele que segura pelo calcanhar (suplantador)”
Ver página completa
Pessoa
H3290
Jacó
יַעֲקֹ֑בyaaqovΙακωβIakob
Jacó, filho de Isaque, comprou de Esaú o direito de primogenitura, lutou com Deus em Peniel e recebeu o nome Israel; seus doze filhos deram origem às tribos (Gênesis 32:28).
Significado: “Aquele que segura pelo calcanhar (suplantador)”
Ver página completa
Lugar Bíblico
Cidade / Povoado
Sevene
Hoje: Aswan
סְוֵנֵהseveneh
Sevene é o lugar até onde o Egito se tornaria um deserto arrasado, desde Migdol, e até onde os aliados do Egito cairiam à espada (Ezequiel 30:6).
24,09° N, 32,90° L
Citado em 3 versículosTb.: Assuã
Ver página completa
Lugar Bíblico
Cidade / Povoado
Sião
Hoje: Jerusalém, Israel
צִיּוֹןtsiyyonΣιώνSiōn
Sião é a fortaleza que Davi conquistou e que veio a ser a Cidade de Davi; o povo do Senhor vive ali, e foi anunciado que Sião seria arada como um campo (2 Samuel 5:7).
31,78° N, 35,23° L
Citado em 148 versículosTb.: Jerusalém
Ver página completa
Todos os capítulos de Ésaïe 66
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52
  53. 53
  54. 54
  55. 55
  56. 56
  57. 57
  58. 58
  59. 59
  60. 60
  61. 61
  62. 62
  63. 63
  64. 64
  65. 65
  66. 66

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.