Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 50

1 Konsa pale SENYÈ a: "Kote sètifika divòs ak sila

Mwen te voye manman ou ale a?

Oswa èske Mwen te 50:1 Det 32:30vann ou bay ou yo?

Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo,

e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.

2 Poukisa pa t gen moun lè M te vini an?

Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn?

Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte?

Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun?

Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen;

Mwen 50:2 Jos 3:16fè rivyè yo vin dezè.

Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf.

3 Mwen 50:3 És 13:10abiye syèl yo ak fènwa

e kouvri yo ak twal sak."

4 Senyè a te ban Mwen lang a 50:4 És 8:16sa yo ki enstwi yo,

pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige.

Li fè M leve maten apre maten,

Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.

5 SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen.

Mwen 50:5 Mat 26:39pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak.

6 Mwen 50:6 Mat 26:67te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo,

ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo;

Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache.

7 Paske Senyè BONDYE a va 50:7 És 42:1fè M sekou.

Pou sa, Mwen pa t twouble menm.

Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks.

Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont.

8 Sila ki 50:8 És 45:25jistifye Mwen an toupre;

se kilès ki mennen ka a kont Mwen?

Kite li rale pre M.

9 Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou;

se kilès ki kondane Mwen?

Gade byen, yo tout va vin vye;

epwize tankou yon vètman.

Mit papiyon twal yo va manje yo.

10 Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a,

ki obeyi vwa a 50:10 És 49:2-3sèvitè Li a,

ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a?

Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a

e depann de Bondye li a.

11 Gade byen, nou tout ki 50:11 Pwov 26:18limen yon dife,

ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo;

mache nan limyè dife nou te fè a,

e pami tòch yo nou te lime a.

Men sa nou va jwenn nan men Mwen an:

Nou va kouche pou fè lamantasyon.

Todos os capítulos de Ésaïe 66
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52
  53. 53
  54. 54
  55. 55
  56. 56
  57. 57
  58. 58
  59. 59
  60. 60
  61. 61
  62. 62
  63. 63
  64. 64
  65. 65
  66. 66

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.