Publicidade

Isaías 51

1 "Koute mwen, nou menm ki swiv ladwati a,

k ap 51:1 Sòm 94:15chache SENYÈ a:

Gade wòch sou sila nou te taye a,

min wòch kote nou te retire a.

2 Gade 51:2 És 29:22Abraham, papa nou an

ak Sarah, ki te nou soti nan vant.

li te yon sèl, Mwen te rele li,

Mwen te beni li, e te l vin miltipliye."

3 Anverite, SENYÈ a te konsole Sion;

Li te rekonfòte tout kote dezole li yo.

Epi savann li yo te fèt sanble ak 51:3 Jen 2:8Éden,

e dezè yo tankou jaden Senyè a.

Lajwa ak kontan va twouve nan yo;

remèsiman ak son melodi chanson.

4 "Prete atansyon a Mwen, O pèp Mwen an

e prete Mwen zòrèy nou, O nasyon Mwen an;

paske yon lwa va sòti nan Mwen

e Mwen va 51:4 És 1:27poze jistis Mwen kon yon limyè a tout pèp yo.

5 51:5 És 46:13 Ladwati Mwen toupre a.

Sali Mwen te voye deyò.

Se bra M kap jije pèp yo.

Peyi kot yo va tann Mwen,

e bra M va jije pèp yo.

6 Leve zye nou syèl la

e gade anba latè;

paske syèl la va disparèt tankou lafimen;

51:6 Sòm 102:25-26 latè va epwize tankou yon vètman.

Konsa, moun ki rete ladann yo va mouri;

men delivrans Mwen va la jis pou tout tan,

e ladwati Mwen p ap janm sispann.

7 "Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati,

yon pèp ki gen lalwa M nan 51:7 Sòm 37:31yo.

Pa repwòch a lòm,

ni dekouraje y ap meprize nou.

8 Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman,

e 51:8 És 14:11mit va manje yo tankou len.

Men ladwati Mwen va jis pou tout tan,

e sali Mwen, a tout jenerasyon yo."

9 "Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a;

leve tankou nan jou lansyen yo.

51:9 Job 26:12 Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a,

ki te frennen dragon an nèt la?

10 Èske se pa Ou menm ki te seche lanmè a,

dlo yo a gran fon an;

ki te pwofondè lanmè yo yon chemen

pou rachte yo ta ka travèse lòtbò?

11 Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen;

vini ak gwo kri lajwa a Sion yo.

Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo.

Yo va jwenn kontan ak lajwa,

e 51:11 És 60:19tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt.

12 "Mwen, Mwen menm se Sila ki 51:12 És 51:3bannou konsolasyon an.

Se kilès ou ye pou ou moun ki va mouri,

ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?

13 Èske ou te 51:13 Det 6:12bliye SENYÈ a, Kreyatè ou a,

ki te rale ouvri syèl yo

e te poze fondasyon latè yo?

Eske nou krent tout jounen akoz kòlè opresè a,

pandan l ap prepare pou detwi?

Men ki kote kòlè opresè sila a?

14 Toutalè 51:14 És 48:20egzile a va libere.

Li p ap mouri nan kacho a,

ni li p ap manke pen.

15 Paske Mwen se SENYÈ Bondye ou a,

ki 51:15 Sòm 107:25boulvèse lanmè a,

Ki lanm li yo gwonde.

SENYÈ dèzame yo se non Li.

16 Mwen te 51:16 Det 18:18mete pawòl Mwen nan bouch ou

e te kouvri ou avèk lonbraj men Mwen,

pou etabli syèl yo, fonde latè a

e pou di a Sion: Ou se pèp Mwen."

17 51:17 És 51:9 Leve ou menm! Leve ou menm!

Kanpe, O Jérusalem!

Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li.

Gode ki pou ou kilbite a,

ou fin bwè jis rive nan kras anba l.

18 51:18 Sòm 88:18 Nanpwen moun ki pou gide fi a

pami tout fis li te yo,

ni nanpwen moun ki pou pran l pa lamen

pami tout fis li te leve yo.

19 Se de bagay sa yo ki gen tan rive ou

se kilès ki va kriye pou ou?

51:19 És 8:21 devastasyon ak destriksyon,

gwo grangou, ak nepe.

Kijan pou m ta konsole ou?

20 Fis ou yo vin endispoze;

yo kouche atè sou pwent a chak ri,

tankou antilòp ki kenbe nan pèlen.

Yo ranpli ak kòlè SENYÈ a,

ak 51:20 És 66:15repwòch Bondye ou a.

21 Pou sa, souple, koute sa, ou menm ki 51:21 És 54:11aflije,

ki sou, men pa avèk diven:

22 Konsa pale Senyè ou a,

SENYÈ a, menm Bondye ou,

ki pran plede kòz pou pèp Li a:

"Gade byen, Mwen te retire 51:22 És 51:17tas kilbite a,

gode kòlè Mwen an soti nan men ou;

ou p ap janm bwè l ankò.

23 M ap mete li nan men a sila k ap toumante ou yo,

ki te di nanm ou: 51:23 Jos 10:24 Kouche pou nou ka mache sou ou.

Ou te kouche do ou vin tankou a;

tankou gran lari pou sila k ap mache sou li yo."

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-