1 53:1 Jn 12:38 Se kilès ki te kwè mesaj nou yo?
Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele?
2 Paske Li te grandi devan nou kon yon 53:2 És 11:1boujon vèt,
e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk.
Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li,
ni majeste pou nou ta gade sou Li,
ni aparans pou nou ta atire a Li.
3 Li te meprize e abandone pa lòm;
yon nonm ak gwo tristès
ki te konnen gwo soufrans,
ak tout maladi.
Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,
Li te vin 53:3 Mc 10:33meprize,
e nou pa t bay Li okenn valè.
4 Anverite, se doulè nou yo Li te 53:4 Mat 8:17pote
ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;
men nou te rekonèt Li kon moun pini,
frape pa Bondye e aflije.
5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.
Li te kraze pou 53:5 I Pi 2:24-25inikite nou yo.
Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,
e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.