Publicidade

Isaías 54

1 "Chante, O esteril la!

Ou menm ki pa t kapab pitit!

Eklate nan yon gwo kri lajwa, e kriye ,

ou menm ki pa t gen doulè ansent lan!

Paske fis fanm 54:1 És 62:4abandone an va depase fis a

fanm ki marye yo", SENYÈ a di.

2 "Agrandi anplasman tant ou;

lonje rido lakay ou, pa ralanti!

kòd yo pi long e fòtifye 54:2 Egz 35:18pikèt yo.

3 Paske ou va 54:3 Jen 28:14gaye toupatou, ni adwat, ni agoch.

Konsa, desandan ou yo va posede nasyon yo.

Yo va rete ankò nan vil abandone yo."

4 "Pa , paske ou 54:4 És 45:17p ap vin wont.

Pa santi ou imilye, paske ou p ap desi.

Ou p ap sonje wont jenès ou

ak repwòch tankou vèv.

Sa va bliye nèt.

5 Paske 54:5 Jr 3:14mari ou se Kreyatè ou a;

yo rele L SENYÈ dèzame yo.

Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la.

Yo rele Li Bondye a tout latè a.

6 Paske SENYÈ a te rele ou

kon yon madanm 54:6 És 49:14-21abandone e atriste nan lespri,

menm kon yon madanm nan jenès li

l abandone," di Bondye ou.

7 "Pou yon 54:7 És 26:20ti tan kout, Mwen te kite ou;

men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou.

8 Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman,

men ak lanmou dous ki p ap janm fini an,

Mwen va gen konpasyon pou ou", di SENYÈ a, Redanmtè ou a.

9 "Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo.

Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo 54:9 Jen 9:11pa ta janm inonde latè ankò,

konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou,

ni ke Mwen p ap repwoche nou.

10 Paske mòn yo kapab deplase,

e kolin yo ka disparèt,

men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.

Ni 54:10 II Sam 23:5akò lapè Mwen p ap soti menm,"

di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.

11 O sila ki aflije a, balote pa tanpèt la e san 54:11 És 51:18-19konsolasyon an;

gade byen, Mwen va monte bijou ou ak bon kòl

ki fèt pou bijou bèl koulè yo,

epi fondasyon ou yo va poze ak pyè safì.

12 Anplis, Mwen va ranpa ou ak bijou ribi,

pòtay nou yo ak pyè kristal,

e tout miray ou yo ak pyè presye.

13 54:13 Jn 6:45 Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a;

pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.

14 Nan 54:14 És 1:26-27ladwati, ou va etabli;

ou va rete lwen opresyon,

paske ou p ap gen lakrent.

Ou p ap gen gwo laperèz, paske li p ap pwoche ou.

15 Si nenpòt moun atake ou, se pa kote M sa va sòti.

54:15 És 41:11-16 Nenpòt moun ki atake ou va tonbe akoz ou menm.

16 "Gade byen, se Mwen menm ki te kreye bòs fòjewon

ki pou soufle dife chabon an,

e sòti yon zam pou travay li.

Mwen te kreye destriktè a pou l ka detwi.

17 Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi;

epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo.

Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo.

54:17 És 45:24 Jistis pa yo sòti de Mwen," deklare SENYÈ a.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-