Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 55

1 "Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo!

Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje.

Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.

2 Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen,

ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè?

Koute Mwen avèk atansyon, 55:2 Sòm 22:26manje sa ki bon

e pran plezi nou an abondans.

3 Prete zòrèy nou e vin kote Mwen.

Koute pou nou ka viv.

55:3 Trav 13:34 Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan,

selon mizerikòd fidèl ki te montre a la.

4 Gade byen, Mwen te bay 55:4 Sòm 18:43li kon yon temwen a pèp la,

yon chèf ak kòmandè pou pèp la.

5 Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt;

yon nasyon ki pa rekonèt ou va 55:5 Za 8:22kouri bò kote ou,

akoz SENYÈ Bondye ou a,

ak Sila Ki Sen an Israël la;

paske Li te bay ou glwa."

6  55:6 Sòm 32:6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;

rele Li pandan Li toupre a.

7  55:7 És 1:16-19 Kite mechan an abandone chemen li an,

ak pechè a, panse li yo.

Kite li retounen kote SENYÈ a

e Li va gen mizerikòd sou li;

anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.

8 "Paske, panse pa Mwen yo se pa 55:8 És 65:2panse pa w,

ni wout ou yo se pa wout pa M", deklare SENYÈ a.

9 Paske 55:9 Sòm 103:11tankou syèl yo pi wo ke tè a,

konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,

e panse Mwen yo ke panse pa w yo.

10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,

e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,

pou fè l donnen e boujonnen,

pou fè l bay 55:10 II Kwo 9:10semans pou kiltivatè,

ak pen pou sila k ap manje a;

11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.

Li 55:11 És 44:26p ap retounen kote Mwen vid,

san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,

san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.

12 Paske ou va sòti ak 55:12 Sòm 105:43kè kontan

e mennen sòti ak lapè.

Mòn yo ak kolin yo va eklate

nan gwo kri lajwa devan ou,

e tout bwa nan chan yo va bat men yo.

13 Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve;

olye 55:13 És 5:6machacha, bwa jasmen va leve.

Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a,

kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.

Pessoa
Tribo de Judá
Davi
דָוִֽדdavidΔαυιδDauid
Davi, filho de Jessé, era pastor em Belém quando Samuel o ungiu; venceu Golias, reinou sobre Israel em Jerusalém e escreveu muitos dos salmos (1 Samuel 16:13).
Significado: “Amado”
Ver página completa
Todos os capítulos de Ésaïe 66
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52
  53. 53
  54. 54
  55. 55
  56. 56
  57. 57
  58. 58
  59. 59
  60. 60
  61. 61
  62. 62
  63. 63
  64. 64
  65. 65
  66. 66

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.