3 ‘Poukisa nou 58:3 Mal 3:14fè jèn e Ou pa wè?
Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’
"Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo
e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo.
4 Gade byen, nou fè jèn pou 58:4 És 3:14konfli ak kont;
pou nou frape ak ponyèt mechan an.
Kalite jèn nou fè la jodi a pa p fè vwa ou tande anwo a.
5 Èske se jèn sa a ki fè kè M kontan?
Yon jou pou yon nonm ta imilye li menm?
Pou bese tèt li kon wozo,
e gaye 58:5 I Wa 21:27twal sak ak sann kon kabann anba l?
Èske se yon jèn ke ou rele sa;
menm yon jou k ap akseptab a SENYÈ a?
6 "Se pa jèn sila a ke M pito;
pou 58:6 Né 5:10-12lache lyann mechanste yo,
pou demare kòd jouk la,
pou lese oprime yo pran libète
e kase tout jouk yo?