Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 59

1 Gade byen, 59:1 Nonb 1:23men SENYÈ a pa tèlman kout

pou l pa ka sove;

ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande.

2 Men se 59:2 És 1:15inikite nou yo ki nou separe ak Bondye nou an,

e se peche nou yo

ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.

3 Paske 59:3 És 1:15-21men nou souye ak san vèse,

e dwèt nou ak inikite.

Lèv nou fin pale sa ki fo,

e lang nou plenyen mechanste.

4 Nanpwen moun ki pwosè ak dwati,

ni ki plent ak entegrite.

Yo mete konfyans nan vanite,

e yo pale manti.

Yo 59:4 Job 15:35simen mal e yo rekòlte mechanste.

5 Yo kale ze koulèv yo,

e 59:5 Job 8:14trese fil arenye yo.

Sila ki manje ze yo va mouri;

e nan sa ki kraze a, yon koulèv va pete vin parèt.

6 Fil pa yo p ap rad;

ni zèv yo p ap ka 59:6 És 28:20kouvri yo.

Zèv pa yo se zèv inikite,

e se zak vyolans ki rete nan men yo.

7 59:7 Pwov 1:16 Pye pa yo kouri mal,

e yo vit pou vèse san inosan an.

Panse pa yo se panse inikite,

e destriksyon ak dega sou chemen yo.

8 Yo pa konnen 59:8 Luc 1:79chemen lapè,

e nanpwen jistis nan yo.

Yo te wout kwochi;

nenpòt moun ki antre kote yo pa konnen lapè.

9 Akoz sa, lajistis rete lwen nou,

e ladwati pa fin rive sou nou.

Nou espere jwenn limyè pou klere nou,

men nou mache nan fènwa.

10 Nou 59:10 Det 28:29tatonnen akote mi an tankou moun avèg.

Nou tatonnen kon sila ki pa gen zye yo.

Nou kilbite a midi konsi se nan aswè.

Pami sila ki plen kouraj yo, nou parèt tankou moun mouri.

11 Epi nou tout 59:11 És 38:14gwonde tankou lous,

e plenyen ak tristès kon toutrèl.

Nou espere lajistis, men nanpwen;

pou delivrans, men li lwen nou.

12 Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou,

e 59:12 És 3:9peche nou yo temwaye kont nou.

Paske transgresyon nou yo rete avèk nou

e nou konnen inikite nou yo:

13 Nou rebèl e nou 59:13 Jos 24:27nye SENYÈ a.

Nou vire kite Bondye nou an,

ak pawòl opresyon ak rebèl.

Nan a, nou fòmante

e vin parèt pawòl manti.

14 59:14 És 1:21 Lajistis vin detounen

e ladwati vin kanpe byen lwen.

Paske verite a fin glise tonbe nan lari

e ladwati p ap ka antre.

15 Wi, verite a manke;

epi sila ki vire akote pou li pa mal la,

59:15 És 5:23 fin pwòp tèt li yon viktim.

Alò, SENYÈ a te

e sa pa t plezi devan zye L,

ke pa t gen jistis.

16 Li te ke pa t gen pèsòn,

e te etone ke pa t gen moun ki pou entèsede.

Akoz sa a, 59:16 Sòm 98:1pwòp bra Li te mennen sali a rive kote Li,

e ladwati Li te bay Li soutyen.

17 Li te abiye ak ladwati kon pwotèj lestomak,

e ak 59:17 Ef 6:17kas sali a sou tèt Li.

Li te mete vètman vanjans kon abiman,

e te vlope tèt Li ak zèl, kon manto Li.

18 59:18 Job 34:11 Selon zèv pa yo, konsa Li va rekonpanse yo:

jijman ak kòlè a advèsè Li yo,

rekonpans a lènmi Li yo;

a peyi kot yo, Li va bay sa yo merite.

19 Akoz sa, yo va gen krent non SENYÈ a soti nan lwès

e glwa Li soti kote solèy leve a;

paske Li va 59:19 És 30:28vini tankou dlo ravin k ap desann byen rapid.

Se van SENYÈ a kap pouse l.

20 "Yon 59:20 Wo 11:26Redanmtè va vini nan Sion,

e a sila ki vire kite transgresyon Jacob yo," deklare SENYÈ a.

21 "Pou Mwen menm, sa se 59:21 Jr 31:31-34akò mwen avèk yo," di SENYÈ a: "Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo," pale SENYÈ a, "depi koulye a e jis rive pou tout tan."

Veja também