Publicidade

Isaías 60

1 "Leve, briye; paske limyè ou fin parèt

e 60:1 És 24:23glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.

2 Paske gade byen, 60:2 És 58:10tenèb va kouvri latè

e pwofon tenèb tout pèp yo.

Men SENYÈ a va vin leve sou ou,

e glwa li va parèt sou ou.

3 60:3 És 2:3 Nasyon yo va vin kote limyè ou a,

e wa yo nan klète ou leve a.

4 60:4 És 11:12 "Leve zye ou toupatou e gade;

yo tout rasanble ansanm;

yo vin kote ou.

Fis ou yo va vini soti lwen,

e fi ou yo va pote nan bra yo.

5 Epi ou va , ou va 60:5 Sòm 34:5plen ak limyè;

ou va kontan e ou va rejwi.

Paske abondans lanmè a va vire ou;

gran richès a nasyon yo va rive kote ou.

6 Anpil chamo va kouvri ou,

jenn chamo a Madian ak Épha yo.

Tout sila soti 60:6 Jen 25:3Séba yo va vini.

Yo va pote ak lansan,

e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.

7 Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou.

Belye a Nebajoth yo va sèvi ou;

yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an,

e Mwen va 60:7 És 60:13glorifye kay Mwen an

ki plen lonè ak mayifisans.

8 60:8 És 49:21 "Se kilès sa yo ki vole tankou yon nwaj

ak tankou toutrèl fenèt pa yo?

9 Anverite, peyi kot yo va tann Mwen;

60:9 Sòm 48:7 gwo bato Tarsis yo va vini premyèman

pou mennen fis ou yo soti lwen;

ajan ak yo avèk yo, pou non SENYÈ Bondye ou a

e pou Sila Ki Sen an Israël la,

akoz Li te bay ou glwa.

10 60:10 És 14:1-2 "Etranje yo va bati, fòtifye miray ou yo,

epi wa pa yo va sèvis pa yo.

Paske nan kòlè Mwen, Mwen te frape ou

e nan gras Mwen, Mwen te ou mizerikòd.

11 60:11 És 26:2 Pòtay ou yo va vin louvri nèt tout tan;

yo p ap fèmen ni lajounen, ni lannwit,

pou yo kapab pote bay ou richès a tout nasyon yo,

ak wa yo kon kaptif.

12 Paske 60:12 És 14:2nasyon ak wayòm ki p ap sèvi ou a va peri;

wi, nasyon sa yo va fin detwi nèt.

13 "Glwa a Liban an va rive kote ou,

bwa pichpen an, bwa sèd ak bwa blan

pou anbeli plas sanktyè Mwen an.

Mwen va 60:13 I Kwo 28:2plas pye Mwen yo vin plen glwa.

14 60:14 És 14:1-2 Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou

e tout sila ki te meprize ou yo

va bese yo menm devan pla pye ou.

Yo va rele ou vil SENYÈ a,

Sion a Sila Ki Sen an Israël la.

15 "Konsi, ou te abandone e rayi, pou pèsòn pa pase ladann,

Mwen va ou 60:15 És 4:2vin plen ak majeste,

yon objè lajwa de jenerasyon an jenerasyon.

16 Anplis, ou va souse lèt a nasyon yo,

e ou va souse tete a wa yo.

Konsa, ou va konnen ke Mwen, SENYÈ a,

se 60:16 És 19:20Sovè ou e Redanmtè ou,

Sila Ki Pwisan a Jacob la.

17 Olye bwonz, Mwen va pote ;

olye , Mwen va pote ajan;

olye bwa, Mwen va pote bwonz

e olye wòch, Mwen va pote .

Anplis, Mwen va lapè vin chèf ou

e ladwati kon konseye ou.

18 60:18 És 54:14 Vyolans p ap tande ankò nan peyi ou,

ni devastasyon oswa destriksyon anndan lizyè ou;

men ou va rele miray ou yo: "Sali" e pòtay ou yo: "Lwanj".

19 Ou p ap sèvi 60:19 Rev 21:23solèy la pou limyè lajounen ankò,

ni klate lalin a nan pou ba ou limyè;

men ou va gen SENYÈ a kon yon limyè etènèl

e Bondye ou kon glwa ou.

20 60:20 És 30:26 Solèy ou p ap bese ankò,

ni lalin nan p ap febli;

paske ou va gen SENYÈ a kon limyè etènèl

e jou ke ou kriye ak gwo doulè yo va fini.

21 Epi tout moun ou yo va dwat,

Yo va 60:21 Sòm 37:11-22posede peyi a jis pou tout tan;

branch ke M te plante a, zèv a men M yo,

pou M kapab resevwa glwa.

22 Pi piti a va devni yon gran pèp

e pi piti menm nan, yon nasyon pwisan.

Mwen, SENYÈ a va l prese rive nan l."

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-