Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 60

1 "Leve, briye; paske limyè ou fin parèt

e 60:1 És 24:23glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.

2 Paske gade byen, 60:2 És 58:10tenèb va kouvri latè

e pwofon tenèb tout pèp yo.

Men SENYÈ a va vin leve sou ou,

e glwa li va parèt sou ou.

3  60:3 És 2:3 Nasyon yo va vin kote limyè ou a,

e wa yo nan klète lè ou leve a.

4  60:4 És 11:12 "Leve zye ou toupatou e gade;

yo tout rasanble ansanm;

yo vin kote ou.

Fis ou yo va vini soti lwen,

e fi ou yo va pote nan bra yo.

5 Epi ou va wè, ou va 60:5 Sòm 34:5plen ak limyè;

kè ou va kontan e ou va rejwi.

Paske abondans lanmè a va vire vè ou;

gran richès a nasyon yo va rive kote ou.

6 Anpil chamo va kouvri ou,

jenn chamo a ak Épha yo.

Tout sila soti 60:6 Jen 25:3Séba yo va vini.

Yo va pote lò ak lansan,

e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.

7 Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou.

Belye a Nebajoth yo va sèvi ou;

yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an,

e Mwen va 60:7 És 60:13glorifye kay Mwen an

ki plen lonè ak mayifisans.

8  60:8 És 49:21 "Se kilès sa yo ki vole tankou yon nwaj

ak tankou toutrèl vè fenèt pa yo?

9 Anverite, peyi kot yo va tann Mwen;

60:9 Sòm 48:7 gwo bato Tarsis yo va vini premyèman

pou mennen fis ou yo soti lwen;

ajan ak lò yo avèk yo, pou non SENYÈ Bondye ou a

e pou Sila Ki Sen an Israël la,

akoz Li te bay ou glwa.

10  60:10 És 14:1-2 "Etranje yo va bati, fòtifye miray ou yo,

epi wa pa yo va fè sèvis pa yo.

Paske nan kòlè Mwen, Mwen te frape ou

e nan gras Mwen, Mwen te fè ou mizerikòd.

11  60:11 És 26:2 Pòtay ou yo va vin louvri nèt tout tan;

yo p ap fèmen ni lajounen, ni lannwit,

pou yo kapab pote bay ou richès a tout nasyon yo,

ak wa yo kon kaptif.

12 Paske 60:12 És 14:2nasyon ak wayòm ki p ap sèvi ou a va peri;

wi, nasyon sa yo va fin detwi nèt.

13 "Glwa a Liban an va rive kote ou,

bwa pichpen an, bwa sèd ak bwa blan

pou anbeli plas sanktyè Mwen an.

Mwen va fè 60:13 I Kwo 28:2plas pye Mwen yo vin plen glwa.

14  60:14 És 14:1-2 Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou

e tout sila ki te meprize ou yo

va bese yo menm devan pla pye ou.

Yo va rele ou vil SENYÈ a,

a Sila Ki Sen an Israël la.

15 "Konsi, ou te abandone e rayi, pou pèsòn pa pase ladann,

Mwen va fè ou 60:15 És 4:2vin plen ak majeste,

yon objè lajwa de jenerasyon an jenerasyon.

16 Anplis, ou va souse lèt a nasyon yo,

e ou va souse tete a wa yo.

Konsa, ou va konnen ke Mwen, SENYÈ a,

se 60:16 És 19:20Sovè ou e Redanmtè ou,

Sila Ki Pwisan a Jacob la.

17 Olye bwonz, Mwen va pote lò;

olye fè, Mwen va pote ajan;

olye bwa, Mwen va pote bwonz

e olye wòch, Mwen va pote fè.

Anplis, Mwen va fè lapè vin chèf ou

e ladwati kon konseye ou.

18  60:18 És 54:14 Vyolans p ap tande ankò nan peyi ou,

ni devastasyon oswa destriksyon anndan lizyè ou;

men ou va rele miray ou yo: "Sali" e pòtay ou yo: "Lwanj".

19 Ou p ap sèvi 60:19 Rev 21:23solèy la pou limyè lajounen ankò,

ni klate lalin a nan pou ba ou limyè;

men ou va gen SENYÈ a kon yon limyè etènèl

e Bondye ou kon glwa ou.

20  60:20 És 30:26 Solèy ou p ap bese ankò,

ni lalin nan p ap febli;

paske ou va gen SENYÈ a kon limyè etènèl

e jou ke ou kriye ak gwo doulè yo va fini.

21 Epi tout moun ou yo va dwat,

Yo va 60:21 Sòm 37:11-22posede peyi a jis pou tout tan;

branch ke M te plante a, zèv a men M yo,

pou M kapab resevwa glwa.

22 Pi piti a va devni yon gran pèp

e pi piti menm nan, yon nasyon pwisan.

Mwen, SENYÈ a va fè l prese rive nan lè l."

Lugar Bíblico
Região / Território
Midiã
Hoje: Al Bad
מִדְיָןmidyanΜαδιάνMadian
Midiã é a terra de Jetro, sacerdote e sogro de Moisés, e dos midianitas, que invadiam as plantações de Israel até serem perseguidos por Gideão e seus homens (Juízes 7:25).
28,49° N, 35,01° L
Citado em 51 versículos
Ver página completa
Lugar Bíblico
Cidade / Povoado
Sião
Hoje: Jerusalém, Israel
צִיּוֹןtsiyyonΣιώνSiōn
Sião é a fortaleza que Davi conquistou e que veio a ser a Cidade de Davi; o povo do Senhor vive ali, e foi anunciado que Sião seria arada como um campo (2 Samuel 5:7).
31,78° N, 35,23° L
Citado em 148 versículosTb.: Jerusalém
Ver página completa
Todos os capítulos de Ésaïe 66
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52
  53. 53
  54. 54
  55. 55
  56. 56
  57. 57
  58. 58
  59. 59
  60. 60
  61. 61
  62. 62
  63. 63
  64. 64
  65. 65
  66. 66

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.