Pular para o conteúdo
Publicidade

Isaías 64

1 O ke Ou ta chire syèl yo,

ke Ou ta desann,

ke mòn yo ta 64:1 Jij 5:5tranble devan prezans Ou

2 tankou dife anflame touf bwa chan an,

tankou dife dlo bouyi.

non Ou rekonèt a advèsè Ou yo,

pou 64:2 Sòm 99:1nasyon yo ka tranble devan prezans Ou!

3 Kon Ou te 64:3 Sòm 65:5 bagay mèvèy ke nou pa t prevwa yo;

Ou te desann.

Mòn yo te tranble devan prezans Ou.

4 Depi nan jou ansyen yo, 64:4 I Kor 2:9yo pa t tande ni sezi ak zorèy,

ni zye pa t yon Bondye sof ke Ou,

k ap aji pou sila k ap tann Li an.

5 Ou rankontre avèk sila ki rejwi a nan sa ki dwat,

ki sonje Ou nan chemen pa Ou yo.

Gade byen, 64:5 És 12:1Ou te fache paske nou te peche,

nou te kontinye nan peche pandan anpil tan.

Èske nou va sove?

6 Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp.

Tout 64:6 És 46:12zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt;

konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy,

e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.

7 Nanpwen moun ki rele non Ou,

ki leve pou atache a Ou menm;

paske Ou te 64:7 Det 31:18kache figi Ou a nou menm

e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.

8 Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou,

nou se ajil la e se Ou ki met kanari a;

nou tout se 64:8 Sòm 100:3zèv men Ou yo.

9 Pa vin fache depase, O SENYÈ,

64:9 És 43:25 ni sonje inikite nou yo pou tout tan.

Gade byen, gade koulye a, nou tout se pèp Ou a.

10 64:10 És 48:2 Vil sen Ou yo te vin yon dezè;

Sion te vin yon dezè,

Jérusalem yon kote dezole.

11 64:11 II Wa 25:9 Bèl kay sen nou an,

kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo,

te brile ak dife;

epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt.

12 Èske Ou va 64:12 Sòm 74:10ralanti Ou menm, devan bagay sa yo, O SENYÈ?

Èske Ou va rete an silans e bannou lapèn ki depase mezi a?

Veja também