Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 9:1-6

1 Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete 9:1 Mat 4:15-16 peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plenn glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo.

2 9:2 Mat 4:16 Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè;

sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a,

limyè va fonse briye sou yo;

3 9:3 És 26:15 Ou te fè pèp la grandi anpil;

Ou ogmante kè kontan yo.

Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la. 4 Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a 9:4 És 14:4 sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an. 5 Paske tout protej gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a. 6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi 9:6 Mat 28:18 gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.