Pular para o conteúdo
Publicidade

Isaías 61

1 61:1 Mat 11:5 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,

akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.

Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak brize yo,

pou pwoklame libète a kaptif yo

e delivrans a prizonye yo;

2 pou 61:2 És 49:8pwoklame lane gras SENYÈ a

e jou a vanjans Bondye nou an;

pou konsole tout moun ak ki tris,

3 pou pwovizyon pou sila ak tris Sion yo;

pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,

ak 61:3 Sòm 23:5lwil kontan pou ranplase tristès la,

ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.

Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,

yon plantasyon SENYÈ a,

pou Li kapab resevwa glwa.

4 Yo va 61:4 És 49:8rebati ansyen mazi yo,

yo va leve wo sa ki te kraze depi lontan yo.

Yo va repare vil ki te detwi yo,

dezolasyon de anpil jenerasyon yo.

5 61:5 És 14:2 Etranje yo va kanpe pou okipe bann mouton nou yo,

e pitit a etranje yo va kiltivatè nou,

ak chan rezen nou yo.

6 Men nou va rele kon 61:6 És 66:21prèt SENYÈ a;

Lèzòm va rele nou sèvitè yo a Bondye nou an.

Nou va manje richès a nasyon yo,

e nan richès pa yo, nou va vante tèt nou.

7 Olye de wont nou, 61:7 És 40:2nou va gen yon pòsyon doub;

olye de imilyasyon, yo va rele ak lajwa sou pòsyon pa yo.

Akoz sa, yo va posede yon pòsyon doub nan peyi yo;

lajwa etènèl la va pou yo.

8 Paske Mwen, SENYÈ a, 61:8 És 5:16renmen lajistis;

Mwen rayi vòl ak malfezans.

Ak fidelite Mwen va bay yo rekonpans yo,

e Mwen va yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo.

9 Desandan pa yo va rekonèt pami nasyon yo,

e posterite yo nan mitan a tout pèp yo.

Tout moun ki yo va rekonèt yo,

akoz yo se 61:9 És 44:3desandan ke SENYÈ a te beni yo.

10 Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a;

nanm mwen va rejwi anpil nan Bondyè mwen an,

paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo.

Li te vlope m nan yon manto ladwati,

tankou yon jennonm fenk marye dekore l ak yon kouwòn;

e tankou yon 61:10 Rev 21:2jenn fi maryaj abiye l ak bijou.

11 Paske jan a boujon li vin parèt la,

jaden an bagay ki simen ladann yo vin pete grandi,

konsa Senyè BONDYE a va 61:11 Sòm 72:3ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo.

Veja também