Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 109

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1 O Bondye lwanj mwen an, 109:1 Sòm 28:1pa rete an silans!

2 Paske yo te ouvri bouch 109:2 Sòm 10:7desepsyon ak mechanste a kont mwen.

Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.

3 Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman

E yo te goumen kont mwen 109:3 Sòm 35:7san koz.

4 An echanj pou lanmou m, yo te aji kon akizatè mwen;

men mwen toujou ap priye.

5 Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak 109:5 Jn 7:7rayisman pou lanmou m.

6 Plase yon nonm mechan sou li e kite

yon akizatè kanpe sou men dwat Li.

7 Lè l fin jije, kite li sòti koupab

e kite 109:7 Pwov 28:9lapriyè li devni peche.

8 Kite jou li yo vin mwens.

Kite 109:8 Trav 1:20yon lòt moun pran pozisyon li.

9 Kite pitit li yo rete san papa,

e kite 109:9 Jr 18:21madanm li vin vèv.

10 Kite pitit li yo mache egare, e mande nan lari.

Kite yo chache yo nan kay kraze a kote yo rete.

11 Kite moun li dwe, sezi tout sa li posede

e etranje yo piyaje tout sa li pwodwi.

12 Kite l rive ke nanpwen moun ki pou ofri li lanmou dous,

Ni okenn moun ki pou fè gras a òfelen li yo.

13 Kite desandan li yo koupe retire nèt.

Nan jenerasyon ki swiv yo, kite 109:13 Sòm 9:5non yo

efase nèt.

14 Kite 109:14 Egz 20:5inikite a papa zansèt li yo vin sonje devan SENYÈ a,

E pa kite peche a manman l yo vin efase.

15 Kite yo devan SENYÈ a tout tan pou L

109:15 Job 18:17 koupe retire memwa yo sou latè,

16 akoz li pa t sonje montre lanmou dous,

men te pèsekite e te aflije malere a,

ak sila ki dekouraje nan kè l la,

pou l mete yo a lanmò.

17 Anplis, li te renmen bay madichon.

Konsa, 109:17 Pwov 14:14madichon an te retounen sou li.

Li pa t renmen beni.

Konsa, sa te rete lwen l.

18 Men li te abiye li menm ak madichon tankou vètman,

e sa te 109:18 Nonb 5:22fonse nan kò l tankou dlo, tankou lwil, sa rive nan zo li.

19 Kite sa rive li tankou yon 109:19 Sòm 73:6vètman k ap sèvi pou kouvri kò l,

paske sentiwon sa a ap toujou mare l.

20 Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo,

ak sila ki 109:20 Sòm 41:5pale mal kont nanm mwen yo.

21 Men Ou menm, O Bondye, SENYÈ a,

aji dousman avè m 109:21 Sòm 23:3pou koz a non Ou.

Akoz lanmou dous Ou a bon, delivre m,

22 paske mwen aflije e malere.

Kè m blese anndan m.

23 Mwen ap pase tankou yon lonbraj ki vin long.

Mwen souke retire tankou 109:23 Egz 10:19krikèt volan.

24 Jenou m vin fèb nan fè 109:24 Sòm 35:13jèn

e chè m vin mèg, san grès.

25 Mwen menm, anplis, te vin yon repwòch a yo menm.

Lè yo wè m, yo 109:25 Sòm 22:7souke tèt yo.

26  109:26 Sòm 119:86 Fè m sekou, O SENYÈ, Bondye mwen an.

Sove mwen selon lanmou dous Ou a.

27 Konsa, ya konnen ke sa te fèt pa men Ou,

ke se Ou menm, SENYÈ a, ki te fè l.

28 Kite yo menm bay madichon sou mwen,

men pou Ou menm, bay benediksyon.

Lè yo leve, yo va wont, men 109:28 És 65:14sèvitè Ou a va fè kè kontan.

29 Kite 109:29 Job 8:22akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè.

Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wont

yo tankou se avèk yon manto.

30 Avèk bouch mwen, mwen va bay

anpil remèsiman a SENYÈ a.

Nan mitan gwo foul la, 109:30 Sòm 22:22mwen va louwe Li.

31 Paske Li kanpe kote men dwat malere a

pou sove li de men a sila ki 109:31 Sòm 37:33 jije nanm li yo.

Todos os capítulos de Sòm Yo 150
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52
  53. 53
  54. 54
  55. 55
  56. 56
  57. 57
  58. 58
  59. 59
  60. 60
  61. 61
  62. 62
  63. 63
  64. 64
  65. 65
  66. 66
  67. 67
  68. 68
  69. 69
  70. 70
  71. 71
  72. 72
  73. 73
  74. 74
  75. 75
  76. 76
  77. 77
  78. 78
  79. 79
  80. 80
  81. 81
  82. 82
  83. 83
  84. 84
  85. 85
  86. 86
  87. 87
  88. 88
  89. 89
  90. 90
  91. 91
  92. 92
  93. 93
  94. 94
  95. 95
  96. 96
  97. 97
  98. 98
  99. 99
  100. 100
  101. 101
  102. 102
  103. 103
  104. 104
  105. 105
  106. 106
  107. 107
  108. 108
  109. 109
  110. 110
  111. 111
  112. 112
  113. 113
  114. 114
  115. 115
  116. 116
  117. 117
  118. 118
  119. 119
  120. 120
  121. 121
  122. 122
  123. 123
  124. 124
  125. 125
  126. 126
  127. 127
  128. 128
  129. 129
  130. 130
  131. 131
  132. 132
  133. 133
  134. 134
  135. 135
  136. 136
  137. 137
  138. 138
  139. 139
  140. 140
  141. 141
  142. 142
  143. 143
  144. 144
  145. 145
  146. 146
  147. 147
  148. 148
  149. 149
  150. 150

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.