Pular para o conteúdo
Publicidade

Salmos 116

1 Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m,

avèk siplikasyon mwen yo.

2 Akoz Li te 116:2 Sòm 17:6panche zòrèy Li kote m,

pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.

3 Kòd lanmò yo te antoure m,

e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen.

Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.

4 Alò, mwen te rele non SENYÈ a.

O SENYÈ, mwen sipliye Ou, 116:4 Sòm 17:13sove lavi mwen!

5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.

Wi, Bondye nou an plen ak 116:5 Egz 34:6mizerikòd.

6 SENYÈ a toujou pwoteje 116:6 Sòm 19:7 moun senp yo.

Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.

7 Reprann 116:7 Jr 6:16repo ou, O nanm mwen, paske

Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.

8 Paske Ou te 116:8 Sòm 49:15delivre nanm mwen devan lanmò,

zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.

9 Mwen va mache devan SENYÈ a nan

116:9 Sòm 27:13 peyi moun vivan an.

10 Mwen 116:10 II Kor 4:13te kwè, pou sa mwen te di: "Mwen te vrèman aflije."

11 Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo:

116:11 Sòm 62:9 "Tout moun se mantè".

12 Kisa mwen kapab 116:12 II Kwo 32:25bay a SENYÈ a

Pou tout bonte Li anvè mwen?

13 Mwen va leve wo 116:13 Sòm 16:5koup sali a,

e rele non SENYÈ a.

14 Mwen va 116:14 Sòm 50:14peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a.

Wi, nan prezans tout pèp Li a!

15 116:15 Sòm 72:14 Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.

16 O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou.

Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an.

Ou fin 116:16 Sòm 107:14lache kòd mwen yo.

17 A Ou menm, mwen va ofri yon 116:17 Lev 7:12sakrifis remèsiman,

e va rele sou non SENYÈ a.

18 Mwen va 116:18 Sòm 116:14peye ve mwen yo a SENYÈ a.

Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!

19 Nan 116:19 Sòm 92:13lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm,

O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!

Veja também