Publicidade

Salmos 126

Yon chan pou monte tanp lan

1 SENYÈ a te mennen tounen kaptif Sion yo,

nou te tankou sila ki rèv yo.

2 Nan sa a, bouch nou te plen

ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.

Konsa, yo te di pami nasyon yo:

"SENYÈ a te gwo bagay pou yo."

3 SENYÈ a te gwo bagay yo pou nou.

Nou kontan.

4 retounen kaptif nou yo, O SENYÈ,

kon rivyè nan dezè a.

5 Sila ki simen ak dlo nan zye yo

Va rekòlte avèk gwo kri lajwa.

6 Sila ki soti ap kriye akoz chàj makout semans lan.

Men l ap retounen ankò ak kri lajwa,

akoz chàj pakèt rekòlt l ap pote a.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-