Publicidade

Salmos 130

Yon chan pou monte tanp lan.

1 Soti nan 130:1 Sòm 42:7pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.

2 SENYÈ, koute vwa mwen!

Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.

3 Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo,

O SENYÈ, se kilès ki ta kab 130:3 Sòm 76:7kanpe?

4 Men avèk Ou menm, gen padon,

pou moun ta gen reverans Ou.

5 Mwen tann SENYÈ a.

Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li,

mwen mete espwa m.

6 Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis

pase gadyen k ap tann maten rive a.

Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.

7 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a.

Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd.

Avèk Li, gen redanmsyon an 130:7 Sòm 111:9abondans.

8 Li va 130:8 Sòm 103:3-4redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-04_23-13-58-