Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 139

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1 O SENYÈ, Ou te 139:1 Sòm 17:3sonde mwen e te konnen mwen.

2 Ou konnen lè m chita ak lè m leve.

Ou konprann panse mwen yo de lwen.

3 Ou konn 139:3 Job 14:16egzamine chemen mwen fè avèk

kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.

4 Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,

Men gade, O SENYÈ, Ou 139:4 Eb 4:13konnen tout li menm.

5 Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e

Ou te 139:5 Job 9:33poze men Ou sou mwen.

6  139:6 Wo 11:33 Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.

Li twò wo.

Mwen pa kab rive kote l.

7  139:7 Jr 23:24 Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?

Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?

8  139:8 Am 9:2-4 Si mwen monte nan syèl la, Ou la.

Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.

9 Si mwen pran zèl nan maten,

si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,

10 menm la, se men Ou k ap 139:10 Sòm 23:2-3mennen mwen,

e se men dwat Ou k ap kenbe m.

11 Si mwen di: "Anverite, 139:11 Job 22:13tenèb la va kouvri mwen,

e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,"

12 menm tenèb la pa tenèb pou Ou,

e fènwa a klere menm jan ak lajounen.

139:12 I Jn 1:5 Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.

13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

Ou te 139:13 Job 10:11tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

paske mwen fèt yon fason mèvèye.

Zèv Ou yo 139:14 Sòm 40:5depase bon konprann

e nanm mwen byen konnen sa.

15  139:15 Job 10:8-10 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

e tise kon mèvèy etonnan nan fon tè a.

16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

Epi nan liv 139:16 Sòm 56:8Ou a, te deja ekri tout jou ki te

òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

17 Anplis, SENYÈ, a la presye se 139:17 Sòm 40:5panse Ou yo yo pou mwen!

A la gran, yo gran anpil!

18 Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.

Lè m 139:18 Sòm 3:5leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.

19 O ke Ou ta 139:19 És 11:4touye mechan yo, O Bondye.

Soti sou mwen, O moun ki vèse san.

20 Paske yo 139:20 Jd 15pale kont Ou ak mechanste,

e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.

21 Èske m pa 139:21 II Kwo 19:2rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ?

Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?

22 Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt.

Yo devni lènmi m.

23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.

Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.

24 Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e

mennen mwen nan chemen etènèl la.

Todos os capítulos de Sòm Yo 150
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52
  53. 53
  54. 54
  55. 55
  56. 56
  57. 57
  58. 58
  59. 59
  60. 60
  61. 61
  62. 62
  63. 63
  64. 64
  65. 65
  66. 66
  67. 67
  68. 68
  69. 69
  70. 70
  71. 71
  72. 72
  73. 73
  74. 74
  75. 75
  76. 76
  77. 77
  78. 78
  79. 79
  80. 80
  81. 81
  82. 82
  83. 83
  84. 84
  85. 85
  86. 86
  87. 87
  88. 88
  89. 89
  90. 90
  91. 91
  92. 92
  93. 93
  94. 94
  95. 95
  96. 96
  97. 97
  98. 98
  99. 99
  100. 100
  101. 101
  102. 102
  103. 103
  104. 104
  105. 105
  106. 106
  107. 107
  108. 108
  109. 109
  110. 110
  111. 111
  112. 112
  113. 113
  114. 114
  115. 115
  116. 116
  117. 117
  118. 118
  119. 119
  120. 120
  121. 121
  122. 122
  123. 123
  124. 124
  125. 125
  126. 126
  127. 127
  128. 128
  129. 129
  130. 130
  131. 131
  132. 132
  133. 133
  134. 134
  135. 135
  136. 136
  137. 137
  138. 138
  139. 139
  140. 140
  141. 141
  142. 142
  143. 143
  144. 144
  145. 145
  146. 146
  147. 147
  148. 148
  149. 149
  150. 150

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.