Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 141

Yon Sòm David

1 141:1 Sòm 22:19 O SENYÈ, mwen rele non Ou.

vit! Vin kote m!

Prete zòrèy Ou a vwa mwen m rele Ou!

2 Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou;

m 141:2 I Tim 2:8leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.

3 Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ.

Veye dri sou 141:3 Mi 7:5pòt lèv mwen yo.

4 Pa mennen m okenn mal,

pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki 141:4 És 32:6 inikite yo.

Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.

5 Kite moun 141:5 Pwov 9:8ladwati yo frape mwen.

Konsa, li dous.

Kite li korije mwen.

L ap tankou lwil ki koule sou tèt la.

Pa kite tèt mwen refize li,

paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.

6 Jij pa yo 141:6 II Kwo 25:12 fin jete a kote wòch yo.

Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.

7 Tankou yon moun laboure pou fann a,

se konsa zo nou yo fin gaye nan 141:7 Nonb 16:32-33 bouch sejou a.

8 Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a.

Nan Ou, mwen kache.

Pa kite nanm mwen san pwotèj.

9 Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo,

avèk 141:9 Sòm 140:5 pèlen a sila ki inikite yo.

10 Kite mechan yo 141:10 Sòm 7:15tonbe nan pwòp filè yo,

pandan mwen pase akote.

Veja também