Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 142

Yon Sòm Refleksyon pa David l te nan kav la. Yon lapriyè

1 Mwen kriye avèk vwa mwen SENYÈ a.

Ak vwa m, mwen 142:1 Sòm 30:8siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.

2 Mwen vide plent mwen yo devan L.

Mwen deklare 142:2 Sòm 77:2pwoblèm mwen yo devan L.

3 142:3 Sòm 77:3lespri m te fin bat anndan m,

Ou te konnen chemen mwen.

Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.

4 Gade adwat pou . Nanpwen moun ki veye pou mwen.

Nanpwen moun ki pou m chape.

Nanpwen moun ki pou pran swen m.

5 Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.

Mwen te di "Se Ou menm ki 142:5 Sòm 91:2-9sekou mwen,

pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo."

6 "Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt.

Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo,

paske yo 142:6 Sòm 18:17 twò pou mwen.

7 142:7 Sòm 143:11 Mennen nanm mwen sòti nan prizon,

pou m kab bay remèsiman a non Ou.

Moun ladwati mwen yo va antoure mwen,

paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen."

Veja também