1 19:1 Sòm 8:1 Syèl yo ap pale glwa Bondye a.
Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.
2 Jou apre jou, l ap pale san rete;
19:2 Sòm 139:12 Nwit apre nwit, li revele konesans.
3 Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl
kote nou pa tande vwa yo.
4 19:4 Wo 10:18 Sepandan, eko yo retanti sou tout latè,
ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a.
Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,
5 ki tankou yon jennonm ki fenk marye
k ap sòti nan chanm li.
Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.
6 Li 19:6 Sòm 113:3leve soti nan yon pwent syèl,
pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan.
Anyen pa chape devan chalè li.
7 Lalwa SENYÈ a 19:7 Sòm 119:160pafè
Li rekonfòte nanm.
Temwayaj SENYÈ a vrè,
k ap fè saj yo senp.
8 Prensip a SENYÈ yo dwat,
ki fè kè rejwi.
Kòmandman SENYÈ a san tach.
Li 19:8 Sòm 36:9 fè zye yo limen.