1 Ke SENYÈ a kapab reponn ou 20:1 Sòm 50:15nan jou gran twoub la!
Ke non Bondye Jacob la kapab
kenbe ou ansekirite an wo!
2 Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan
sanktiyè a,
epi 20:2 Sòm 110:2 bay ou soutyen soti nan Sion.
3 Ke Li kapab 20:3 Trav 10:4sonje tout ofrann sereyal ou yo,
ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab!
4 Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou,
e 20:4 Sòm 145:19 akonpli tout plan ou yo!