Yon sòm David
1 Bondye se 23:1 Éz 34:11-13bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li 23:2 Rev 7:17mennen m akote dlo pezib yo.
3 Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan 23:3 Pwov 4:11 chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
23:4 Mi 7:14 Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
5 Ou ranje yon tab devan mwen
nan prezans lènmi mwen yo.
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.
23:5 Sòm 16:5 Tas mwen fin debòde nèt.
6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,
E mwen va 23:6 Sòm 27:4-6viv lakay
SENYÈ a jis pou tout tan.