Publicidade

Salmos 25

Yon sòm David

1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen 25:1 II Sam 5:10leve nanm mwen.

2 O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen.

Pa kite mwen vin wont;

pa kite 25:2 Sòm 13:4lènmi m yo fèt sou mwen.

3 Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont;

sila ki 25:3 Hab 1:13konplo kont Ou san koz yo, va wont.

4 25:4 Egz 33:13 m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;

enstwi m nan chemen Ou yo.

5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,

Paske se Ou menm ki 25:5 Sòm 79:9Bondye delivrans mwen;

se Ou m ap tann tout lajounen.

6 Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,

Paske se yo ki la 25:6 Sòm 103:17depi tan ale nèt.

7 Pa sonje 25:7 Job 13:26peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.

Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,

Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.

8 Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;

pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.

9 Li 25:9 Sòm 23:3dirije enb yo nan jistis, e

Li va enstwi enb yo nan chemen Li.

10 Tout chemen Bondye se nan

lanmou dous avèk verite

pou 25:10 Sòm 103:18sila ki kenbe akò Li yo ak

temwayaj Li yo.

11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ,

25:11 Egz 34:9 padone inikite mwen, paske li anpil.

12 Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a?

Li va 25:12 Sòm 25:8 enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.

13 Nanm li va viv alèz.

Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a.

14 25:14 Pwov 3:32 Lamitye SENYÈ a se pou sila ki

gen lakrent Li yo.

Li va yo konnen akò Li.

15 Zye m toujou SENYÈ a,

paske Li va 25:15 Sòm 124:7 retire pye mwen nan pèlen an.

16 25:16 Sòm 69:16 Vire mwen e m gras,

paske mwen abandone e aflije.

17 Twoub a m yo vin plis.

Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.

18 Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo,

e 25:18 Sòm 103:3padone tout peche mwen yo.

19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.

Epi yo 25:19 Sòm 9:13rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.

20 Gade nanm mwen e delivre mwen.

Pa kite m 25:20 Sòm 25:2vin wont, paske mwen

pran refij nan Ou menm.

21 Kite 25:21 Sòm 41:12entegrite avèk ladwati pwoteje mwen,

paske se Ou m ap tann.

22 Delivre Israël, O Bondye, sou

tout twoub li yo.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_12-11-46-