Pular para o conteúdo
Publicidade

Salmos 32

1 32:1 Sòm 85:2 A la beni se sila ki padone pou transgresyon li,

pou peche li ki kouvri a!

2 A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,

e nan lespri a sila 32:2 Jn 1:47 ki pa gen manti a.

3 m te 32:3 Sòm 39:2-3kenbe silans selon peche mwen,

m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.

4 Paske lajounen kon lannwit,

32:4 I Sam 5:6 men Ou te lou sou mwen.

Fòs mwen te epwize vin bese

tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan

5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,

e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.

Mwen te di: 32:5 I Jn 1:9"Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a",

epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.

6 Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye Ou menm,

32:6 Sòm 69:13 nan yon ke Ou toujou disponib.

Anverite, nan gran flèv dlo yo,

yo p ap kab rive kote Li ankò.

Veja também