Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 37

Yon Sòm David

1 Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin 37:1 Sòm 73:3pote lanvi pou malfektè yo.

2 Paske yo va 37:2 Job 14:2fennen vit tankou zèb chan,

e disparèt tankou zèb ki vèt.

3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.

37:3 Éz 34:13-14 Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.

4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.

Konsa, Li va 37:4 Sòm 145:19bay ou tout dezi a kè ou.

5  37:5 Pwov 16:3 Dedye chemen ou a SENYÈ a.

Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:

6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,

Ak jijman ou klere 37:6 Job 11:17 kon midi.

7 Pran repo nan SENYÈ a, e 37:7 Sòm 40:1tann Li ak pasyans;

Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,

Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.

8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.

Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste

9 Konsa, 37:9 Sòm 37:2-22malfektè yo va koupe retire nèt,

men sila k ap tann SENYÈ yo,

va vin genyen peyi a kon eritaj yo.

10 Men yon 37:10 Job 24:24ti tan ankò, mechan an va disparèt.

Ou va chache avèk atansyon plas li,

men li p ap egziste.

11 Konsa, 37:11 Mat 5:5enb yo va fè eritaj peyi a.

Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.

12 Mechan an 37:12 Sòm 31:13-20fè konplo kont sila ki dwat yo.

Li manje dan l sou li.

13 SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke 37:13 I Sam 26:10 jou li a ap rive.

14 Mechan yo rale nepe e 37:14 Lam 2:4koube banza yo,

pou jete aflije yo avèk malere a,

pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.

15 Nepe yo va antre nan pwòp kè yo.

37:15 I Sam 2:4 Banza yo ap kase.

16  37:16 Pwov 15:16 Pi bon se ti kras a moun dwat yo,

pase abondans anpil a mechan yo.

17 Paske bra a mechan yo va kase,

men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.

18 SENYÈ a 37:18 Sòm 1:6konnen jou a sila ki dwat yo.

Eritaj yo va dire jis pou tout tan.

19 Yo p ap wont nan move tan.

Nan 37:19 Job 5:20jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.

20 Men mechan yo va peri.

Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo.

Yo va vin disparèt.

Tankou 37:20 Sòm 68:2 lafimen,

yo ale nèt.

21 Mechan an prete, men li pa remèt,

men moun dwat la 37:21 Sòm 112:5-9ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.

22 Paske sila ke Bondye beni yo, va 37:22 Pwov 3:33eritye peyi a,

men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.

23  37:23 I Sam 2:9 Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.

Konsa, Li pran plezi nan chemen li.

24 Lè 37:24 Pwov 24:15li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,

paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.

25 Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun,

men 37:25 Eb 13:5mwen poko wè moun dwat ki abandone,

ni desandan li yo k ap mande pen.

26 Tout lajounen, 37:26 Det 15:8 moun dwat la

plen ak gras pou prete moun.

Desandan li yo se yon benediksyon.

27 Kite mal e fè sa ki bon,

pou ou kab viv 37:27 Sòm 102:28 jis pou tout tan.

28 Paske SENYÈ a renmen jistis,

e li pa abandone fidèl li yo.

Yo prezève pou tout tan,

men mechan yo va vin koupe retire nèt.

29 Moun ladwati yo va 37:29 Sòm 37:9eritye peyi a,

pou viv ladann pou tout tan.

30 Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès,

epi lang li va 37:30 Sòm 119:13 pale jistis.

31  37:31 Det 6:6 Lalwa Bondye nan kè li.

Pa li yo pa janm glise.

32 Mechan an ap veye dwat la

pou 37:32 Sòm 37:14chache touye li.

33 SENYÈ a p ap kite l lantre nan men li,

ni 37:33 Sòm 34:22kite li kondane lè li jije.

34 Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an.

Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a.

Lè 37:34 Sòm 52:5-6mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.

35 Mwen konn 37:35 Job 5:3wè yon nonm mechan e vyolan

Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.

36 Konsa, li mouri nèt, e vwala, li 37:36 Job 20:5pa t la ankò.

Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.

37 Byen remake nonm san tò a,

epi gade byen nonm ladwati a,

paske nonm lapè a va gen 37:37 És 57:1-2posterite.

38 Men pechè a va detwi nèt.

Posterite a mechan an va 37:38 Sòm 37:9koupe retire nèt.

39 Men 37:39 Sòm 3:8delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a.

Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la.

40 SENYÈ a ede yo e delivre yo.

Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo.

Li sove yo, akoz se nan Li ke yo 37:40 I Kwo 5:20 kache.

Todos os capítulos de Sòm Yo 150
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52
  53. 53
  54. 54
  55. 55
  56. 56
  57. 57
  58. 58
  59. 59
  60. 60
  61. 61
  62. 62
  63. 63
  64. 64
  65. 65
  66. 66
  67. 67
  68. 68
  69. 69
  70. 70
  71. 71
  72. 72
  73. 73
  74. 74
  75. 75
  76. 76
  77. 77
  78. 78
  79. 79
  80. 80
  81. 81
  82. 82
  83. 83
  84. 84
  85. 85
  86. 86
  87. 87
  88. 88
  89. 89
  90. 90
  91. 91
  92. 92
  93. 93
  94. 94
  95. 95
  96. 96
  97. 97
  98. 98
  99. 99
  100. 100
  101. 101
  102. 102
  103. 103
  104. 104
  105. 105
  106. 106
  107. 107
  108. 108
  109. 109
  110. 110
  111. 111
  112. 112
  113. 113
  114. 114
  115. 115
  116. 116
  117. 117
  118. 118
  119. 119
  120. 120
  121. 121
  122. 122
  123. 123
  124. 124
  125. 125
  126. 126
  127. 127
  128. 128
  129. 129
  130. 130
  131. 131
  132. 132
  133. 133
  134. 134
  135. 135
  136. 136
  137. 137
  138. 138
  139. 139
  140. 140
  141. 141
  142. 142
  143. 143
  144. 144
  145. 145
  146. 146
  147. 147
  148. 148
  149. 149
  150. 150

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.