Yon Sòm David
1 Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin 37:1 Sòm 73:3pote lanvi pou malfektè yo.
2 Paske yo va 37:2 Job 14:2fennen vit tankou zèb chan,
e disparèt tankou zèb ki vèt.
3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.
37:3 Éz 34:13-14 Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.
Konsa, Li va 37:4 Sòm 145:19bay ou tout dezi a kè ou.
5 37:5 Pwov 16:3 Dedye chemen ou a SENYÈ a.
Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:
6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,
Ak jijman ou klere 37:6 Job 11:17 kon midi.
7 Pran repo nan SENYÈ a, e 37:7 Sòm 40:1tann Li ak pasyans;
Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,
Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.
Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste
9 Konsa, 37:9 Sòm 37:2-22malfektè yo va koupe retire nèt,
men sila k ap tann SENYÈ yo,
va vin genyen peyi a kon eritaj yo.
10 Men yon 37:10 Job 24:24ti tan ankò, mechan an va disparèt.
Ou va chache avèk atansyon plas li,
men li p ap egziste.
11 Konsa, 37:11 Mat 5:5enb yo va fè eritaj peyi a.
Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.
12 Mechan an 37:12 Sòm 31:13-20fè konplo kont sila ki dwat yo.
Li manje dan l sou li.
13 SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke 37:13 I Sam 26:10 jou li a ap rive.
14 Mechan yo rale nepe e 37:14 Lam 2:4koube banza yo,
pou jete aflije yo avèk malere a,
pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.
15 Nepe yo va antre nan pwòp kè yo.
37:15 I Sam 2:4 Banza yo ap kase.
16 37:16 Pwov 15:16 Pi bon se ti kras a moun dwat yo,
pase abondans anpil a mechan yo.
17 Paske bra a mechan yo va kase,
men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.
18 SENYÈ a 37:18 Sòm 1:6konnen jou a sila ki dwat yo.
Eritaj yo va dire jis pou tout tan.
19 Yo p ap wont nan move tan.
Nan 37:19 Job 5:20jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.
20 Men mechan yo va peri.
Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo.
Yo va vin disparèt.
Tankou 37:20 Sòm 68:2 lafimen,
yo ale nèt.
21 Mechan an prete, men li pa remèt,
men moun dwat la 37:21 Sòm 112:5-9ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.
22 Paske sila ke Bondye beni yo, va 37:22 Pwov 3:33eritye peyi a,
men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.
23 37:23 I Sam 2:9 Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.
Konsa, Li pran plezi nan chemen li.
24 Lè 37:24 Pwov 24:15li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,
paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.
25 Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun,
men 37:25 Eb 13:5mwen poko wè moun dwat ki abandone,
ni desandan li yo k ap mande pen.
26 Tout lajounen, 37:26 Det 15:8 moun dwat la
plen ak gras pou prete moun.
Desandan li yo se yon benediksyon.
27 Kite mal e fè sa ki bon,
pou ou kab viv 37:27 Sòm 102:28 jis pou tout tan.
28 Paske SENYÈ a renmen jistis,
e li pa abandone fidèl li yo.
Yo prezève pou tout tan,
men mechan yo va vin koupe retire nèt.
29 Moun ladwati yo va 37:29 Sòm 37:9eritye peyi a,
pou viv ladann pou tout tan.
30 Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès,
epi lang li va 37:30 Sòm 119:13 pale jistis.
31 37:31 Det 6:6 Lalwa Bondye nan kè li.
Pa li yo pa janm glise.
32 Mechan an ap veye dwat la
pou 37:32 Sòm 37:14chache touye li.
33 SENYÈ a p ap kite l lantre nan men li,
ni 37:33 Sòm 34:22kite li kondane lè li jije.
34 Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an.
Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a.
Lè 37:34 Sòm 52:5-6mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.
35 Mwen konn 37:35 Job 5:3wè yon nonm mechan e vyolan
Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.
36 Konsa, li mouri nèt, e vwala, li 37:36 Job 20:5pa t la ankò.
Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.
37 Byen remake nonm san tò a,
epi gade byen nonm ladwati a,
paske nonm lapè a va gen 37:37 És 57:1-2posterite.
38 Men pechè a va detwi nèt.
Posterite a mechan an va 37:38 Sòm 37:9koupe retire nèt.
39 Men 37:39 Sòm 3:8delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a.
Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la.
40 SENYÈ a ede yo e delivre yo.
Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo.
Li sove yo, akoz se nan Li ke yo 37:40 I Kwo 5:20 kache.