Publicidade

Salmos 39

Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David

1 Mwen te di, mwen va veye chemen mwen,

pou m pa 39:1 Job 2:10peche ak lang mwen.

Mwen va veye bouch mwen,

konsi li gen yon brid ladann

toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.

2 Mwen te 39:2 Sòm 38:13tankou bèbè e mwen te rete an silans.

Mwen te evite menm sa ki ta kab bon.

Konsa, tristès mwen te vin pi mal.

3 39:3 Sòm 32:4 m te cho anndan m.

Pandan mwen t ap reflechi dife a t ap brile.

Konsa, mwen te pale ak lang mwen:

4 SENYÈ, m konnen 39:4 Job 6:11longè a jou mwen yo.

m konnen ke m fèb anpil.

5 Gade byen, Ou te jou mwen yo kontwole

tankou lajè a men m ki louvri.

Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.

Anverite, lavi chak moun, 39:5 Sòm 89:47se yon sèl grenn souf.

6 Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj.

39:6 I Kor 7:31 Anverite, yo gwo zen pou ryen.

Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.

7 Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan?

39:7 Sòm 38:15 Espwa m se nan Ou.

8 39:8 Sòm 51:9-14 Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo.

Pa m repwòch a moun san sajès yo.

9 Mwen tounen tibebe.

Mwen pa ouvri bouch mwen,

akoz se 39:9 II Sam 16:10Ou ki te sa.

10 39:10 Job 9:34 Rete touman Ou sou mwen.

Kou men Ou venk mwen.

M ap peri.

11 Avèk repwòch, Ou chatiman

a yon nonm pou inikite li.

Ou 39:11 Job 13:28manje tankou mit nan rad sa ki konsidere

pi chè pou li menm nan.

Anverite, tout moun se sèlman yon souf.

12 Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e

prete zòrèy Ou a kri mwen.

Pa rete an silans dlo ap koule nan zye m.

Paske mwen se yon etranje devan Ou,

yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.

13 39:13 Job 7:19 Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò,

avan ke m mouri pou m pa la ankò."

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_12-11-46-