Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 40

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1 Mwen te 40:1 Sòm 25:5tann avèk pasyans SENYÈ a.

Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.

2 Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a,

sòti deyò gwo ma ajil la.

Li te mete pye m sou wòch la e

te 40:2 Sòm 37:23fè m kanpe byen fèm.

3 Li te mete yon 40:3 Sòm 32:7chanson nèf nan bouch mwen,

yon chan lwanj Bondye nou an.

Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va

mete konfyans nan Bondye.

4 A la 40:4 Sòm 34:8beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a,

e ki pa t vire vè moun ògèy yo,

ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.

5 Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an,

se 40:5 Job 5:9mèvèy ke Ou te fè yo,

ak panse Ou yo anvè nou.

Nanpwen ki kab konpare avèk Ou.

Si m ta deklare yo e pale sou yo tout,

yo ta vin twòp pou m ta kab konte.

6 40:6 I Sam 15:22 Sakrifis avèk ofrann sereyal,

Ou pa t dezire yo.

Ou te ouvri zòrèy mwen.

Ofrann brile avèk ofrann peche yo,

Ou pa t mande yo.

7 Konsa mwen te di: "Gade byen, mwen vini.

Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm.

8 40:8 Jn 4:34 Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ.

Lalwa Ou nan kè m."

9 Mwen te 40:9 Sòm 22:22pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a;

Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen;

O SENYÈ, Ou konnen.

10 Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m.

Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou.

Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk

verite Ou devan gran asanble a.

11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.

40:11 Sòm 43:3 Lanmou dous Ou avèk verite Ou va

prezève mwen tout tan.

12 Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen.

40:12 Sòm 38:4 Inikite mwen yo te fin pran m nèt

jiskaske mwen pa t kab wè.

Yo plis pase cheve sou tèt mwen.

Kè m fin fè fayit.

13 40:13 Sòm 22:19 Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen.

Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.

14 Kite sila yo vin wont e imilye ansanm,

sila ki 40:14 Sòm 63:9chache lavi mwen pou detwi li.

Kite sila yo vire fè bak e dezonore,

sila ki pran plezi nan fè m mal yo.

15 Kite sila yo etone nèt akoz wont yo,

sila ki 40:15 Sòm 35:21di mwen: "Wayan, wayan!"

16 Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi e

fè kè kontan nan Ou.

Kite tout sila ki renmen sali Ou yo

40:16 Sòm 35:27 pale tout tan: "Ke SENYÈ a kapab

leve wo!"

17 Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen,

40:17 Sòm 40:5 kite SENYÈ a toujou sonje mwen.

Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen.

Pa fè reta, O Bondye mwen an.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também