4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,
e te fè mal devan zye Ou.
Akoz sa, 51:4 Wo 3:4Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.
5 Gade byen, mwen te fèt nan inikite,
e se nan peche manman m te vin ansent mwen.
6 Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt.
Nan pati kache anndan m, Ou va 51:6 Pwov 2:6fè m konnen sajès.
7 Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp.
Lave mwen e mwen va 51:7 És 1:18pi blan ke lanèj.
8 Fè m tande lajwa avèk kè kontan,
pou 51:8 Sòm 35:10zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.
9 51:9 Jr 16:17 Kache figi Ou de peche m yo.
Efase tout inikite mwen yo.