Publicidade

Salmos 54

Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo. Yon sòm
a David, Zifyen yo te vin di Saül: "Èske David pa kache pami nou?"

1 Sove mwen, O Bondye, ak non Ou

e vanjans mwen ak pouvwa Ou.

2 Koute lapriyè mwen, O Bondye.

Prete zòrèy a pawòl a bouch mwen.

3 Paske etranje yo fin leve kont mwen.

Moun vyolans yo te chache lavi mwen.

Yo pa t mete Bondye devan yo.

4 Gade byen, Bondye se èd mwen.

SENYÈ a se soutyen a nanm mwen.

5 Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo.

Detwi yo nan fidelite Ou.

6 Avèk bòn volonte, mwen va sakrifis a Ou.

Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.

7 Paske Li te delivre mwen nan tout twoub.

Konsa, zye mwen te ak kontan, defèt lènmi m yo.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-