Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 69

Pou direktè koral la. Sou melodi "Lis Yo". Yon Sòm David.

1 Sove mwen, O Bondye,

paske 69:1 Job 22:11 dlo yo fin monte jis nan kou m!

2 Mwen desann fon nan labou.

Nanpwen plas pou pye m kenbe.

Mwen fin rive nan dlo fon yo,

e yon 69:2 Jon 2:3 gwo inondasyon ap debòde sou mwen.

3 Mwen 69:3 Sòm 6:6 fatige nèt ak kriye mwen an.

Gòj mwen sèk nèt.

Zye m varye pandan mwen

ap tann Bondye mwen an.

4 Sila ki 69:4 Sòm 35:19 rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen.

Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m.

Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.

5 O Bondye, Ou konnen 69:5 Sòm 38:5 foli mwen.

Koupabilite mwen pa kache devan Ou.

6 Pa kite sila k ap tann Ou yo vin 69:6 II Sam 12:14 wont akoz mwen,

O Senyè BONDYE dèzame yo.

Pa kite yo vin dezonere akoz mwen menm, O Bondye Israël la.

7 Paske pou koz Ou, mwen te pote repwòch.

Dezonè fin kouvri figi mwen.

8 Mwen vin izole de frè m yo,

tankou yon etranje de fis a manman m yo.

9 Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt.

69:9 Sòm 119:139 Repwòch a sila ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.

10 Lè mwen te kriye 69:10 Sòm 35:13 nan nanm mwen, e te fè jèn,

sa te vin yon repwòch pou mwen.

11 Lè m te fè 69:11 Sòm 35:13 twal sak sèvi kon rad mwen,

mwen te vin yon vye pawòl,

yon rizib pou yo menm.

12 Sila ki 69:12 Jen 19:1 chita nan pòtay yo pale afè mwen,

e moun sòt yo fè chan sou mwen.

13 Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ,

69:13 Sòm 32:6 nan yon lè ki bon,

nan grandè lanmou dous Ou a.

Reponn mwen avèk sali verite Ou a.

14 Delivre mwen sòti nan 69:14 Sòm 69:2 labou a.

Pa kite mwen fonse nèt ladann.

Kite m delivre de sa yo ki rayi mwen yo, ak nan fon dlo yo.

15 Pa kite 69:15 Sòm 124:4-5 inondasyon dlo yo vin anvayi mwen,

ni fon an vale m,

ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.

16 Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon;

Selon grandè a mizerikòd Ou, 69:16 Sòm 25:16 vire kote mwen.

17  69:17 Sòm 27:9 Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a,

paske mwen nan gwo pwoblèm.

Reponn mwen vit.

18 Rale nanm mwen pre. Rachte l!

69:18 Sòm 119:134 Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!

19 Ou konnen 69:19 Sòm 22:6 repwòch mwen, wont mwen, avèk dezonè mwen an.

Tout advèsè mwen yo devan Ou.

20 Repwòch fin kraze kè m.

Mwen vin ba nèt.

Mwen te chache pitye, men pa t genyen;

69:20 Job 16:2 kondoleyans, men nanpwen.

21 Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak 69:21 Mat 27:34-48vinèg pou swaf mwen.

22 Ke 69:22 Wo 11:9-10 tab devan yo devni yon pèlen.

Lè yo nan tan lapè, kite li tounen yon pyèj.

23 Ke 69:23 És 6:10 zye yo vin twouble pou yo pa kab wè.

Ke do yo koube nèt.

24  69:24 Sòm 79:6 Vide kòlè Ou sou yo.

Ke fachèz kòlè Ou ki brile ka vini sou yo.

25 Pou 69:25 Mat 23:38 kan yo kapab dezole.

Pou pa gen moun ki rete ankò nan tant yo.

26 Paske yo te pèsekite sila ke Ou menm 69:26 És 53:4 te blese a.

Yo pale sou doulè a sila ke Ou menm te blese yo.

27 Ogmante inikite sou inikite yo.

Ni 69:27 És 26:10 pa kite yo antre nan ladwati Ou.

28 Ke yo kapab efase soti nan liv lavi a.

Pou yo pa vin anrejistre nan achiv ak moun ladwati yo.

29 Men mwen aflije e mwen nan doulè.

Ke delivrans Ou, O Bondye kapab plase mwen an sekirite an wo.

30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,

epi 69:30 Sòm 34:3 leve Li wo avèk remèsiman.

31 Se sa k ap 69:31 Sòm 50:13-14 fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,

ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.

32 Enb yo te wè sa e yo kontan.

Nou menm ki chache Bondye, 69:32 Sòm 22:26kite kè nou reprann fòs.

33 Paske 69:33 Sòm 12:5 SENYÈ a tande malere yo,

e Li pa meprize moun pa L ki prizonye yo.

34 Kite syèl la avèk tè a louwe Li,

lanmè yo avèk 69:34 És 55:12 tout sa ki fè mouvman ladann yo.

35 Paske Bondye va delivre e bati vil Juda yo,

pou yo kab rete la e posede li.

36 Desandan a sèvitè Li yo va eritye li.

Sila ki renmen non Li yo 69:36 Sòm 37:29 va rete ladann.

Lugar Bíblico
Cidade / Povoado
Sião
Hoje: Jerusalém, Israel
צִיּוֹןtsiyyonΣιώνSiōn
Sião é a fortaleza que Davi conquistou e que veio a ser a Cidade de Davi; o povo do Senhor vive ali, e foi anunciado que Sião seria arada como um campo (2 Samuel 5:7).
31,78° N, 35,23° L
Citado em 148 versículosTb.: Jerusalém
Ver página completa
Todos os capítulos de Sòm Yo 150
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52
  53. 53
  54. 54
  55. 55
  56. 56
  57. 57
  58. 58
  59. 59
  60. 60
  61. 61
  62. 62
  63. 63
  64. 64
  65. 65
  66. 66
  67. 67
  68. 68
  69. 69
  70. 70
  71. 71
  72. 72
  73. 73
  74. 74
  75. 75
  76. 76
  77. 77
  78. 78
  79. 79
  80. 80
  81. 81
  82. 82
  83. 83
  84. 84
  85. 85
  86. 86
  87. 87
  88. 88
  89. 89
  90. 90
  91. 91
  92. 92
  93. 93
  94. 94
  95. 95
  96. 96
  97. 97
  98. 98
  99. 99
  100. 100
  101. 101
  102. 102
  103. 103
  104. 104
  105. 105
  106. 106
  107. 107
  108. 108
  109. 109
  110. 110
  111. 111
  112. 112
  113. 113
  114. 114
  115. 115
  116. 116
  117. 117
  118. 118
  119. 119
  120. 120
  121. 121
  122. 122
  123. 123
  124. 124
  125. 125
  126. 126
  127. 127
  128. 128
  129. 129
  130. 130
  131. 131
  132. 132
  133. 133
  134. 134
  135. 135
  136. 136
  137. 137
  138. 138
  139. 139
  140. 140
  141. 141
  142. 142
  143. 143
  144. 144
  145. 145
  146. 146
  147. 147
  148. 148
  149. 149
  150. 150

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.