Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 73

Yon Sòm Asaph

1 Anverite, Bondye bon a Israël,

a sila avèk kè ki 73:1 Sòm 24:4 san tach yo!

2 Men pou mwen, 73:2 Sòm 94:18 pye m te prèt pou glise tonbe,

Pa m yo te prèt pou chape.

3 Paske mwen te gen anvi awogan yo,

lè m te wè jan 73:3 Job 21:7mechan yo te byen reyisi.

4 Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.

5 Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun,

ni yo pa toumante tankou limanite.

6 Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl 73:6 Jen 41:42 kolye.

Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.

7 Zye yo anfle nan mitan 73:7 Job 15:27 grès yo.

Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.

8 Yo 73:8 Sòm 1:1 giyonnen moun.

Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun.

Yo pale konsi se anwo sa soti.

9 Nan bouch 73:9 Rev 13:6 yo rive nan syèl la,

pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.

10 Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo,

e yo kontinye bwè 73:10 Sòm 23:5 gran sous yo nèt.

11 Yo di: "Kòman Bondye konnen?

Eske gen konesans kote Pi Wo a?"

12 Gade byen, sila yo se mechan yo ye.

Konsi, toujou 73:12 Jr 49:31 alèz, yo te agrandi richès yo.

13 Anverite, 73:13 Job 21:15 se an ven mwen te kenbe kè m san tach,

ak lave men m nan inosans.

14 Paske mwen te twouble tout lajounen

e te resevwa 73:14 Job 33:9 chatiman chak maten.

15 Si mwen te di: "Mwen va pale konsa,"

gade byen, mwen ta trayi 73:15 Sòm 14:5 jenerasyon pitit Ou yo.

16 Lè m te 73:16 Ekl 8:17 reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.

17 Men jis lè m te antre nan sanktiyè Bondye a,

mwen te vin konprann jan yo ta 73:17 Sòm 37:38 fini.

18 Anverite, Ou te mete yo kote ki 73:18 Sòm 35:6 glise anpil.

Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.

19 Men kijan yo va 73:19 Nonb 16:21 detwi nan yon enstan!

Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!

20 Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ,

lè Ou leve, Ou va 73:20 I Sam 2:30 meprize pwòp fòm yo.

Ou va rayi rèv de lespri yo.

21 Lè kè m te vin anmè,

e kè m te 73:21 Trav 2:37 pike anndan m,

22 alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann.

Mwen te tankou yon 73:22 Job 18:3bèt devan Ou.

23 Sepandan, 73:23 Sòm 16:8 mwen avè W tout tan.

Ou te kenbe men dwat mwen.

24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,

e apre, 73:24 Jen 5:24resevwa mwen nan laglwa.

25  73:25 Sòm 16:2 Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?

Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.

26  73:26 Sòm 38:10 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,

men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.

27 Paske gade byen, sila ki lwen yo va 73:27 Sòm 37:20 peri.

Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.

28 Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.

Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, 73:28 Sòm 14:6refij mwen,

Pou m kab pale tout zèv Ou yo.

Todos os capítulos de Sòm Yo 150
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52
  53. 53
  54. 54
  55. 55
  56. 56
  57. 57
  58. 58
  59. 59
  60. 60
  61. 61
  62. 62
  63. 63
  64. 64
  65. 65
  66. 66
  67. 67
  68. 68
  69. 69
  70. 70
  71. 71
  72. 72
  73. 73
  74. 74
  75. 75
  76. 76
  77. 77
  78. 78
  79. 79
  80. 80
  81. 81
  82. 82
  83. 83
  84. 84
  85. 85
  86. 86
  87. 87
  88. 88
  89. 89
  90. 90
  91. 91
  92. 92
  93. 93
  94. 94
  95. 95
  96. 96
  97. 97
  98. 98
  99. 99
  100. 100
  101. 101
  102. 102
  103. 103
  104. 104
  105. 105
  106. 106
  107. 107
  108. 108
  109. 109
  110. 110
  111. 111
  112. 112
  113. 113
  114. 114
  115. 115
  116. 116
  117. 117
  118. 118
  119. 119
  120. 120
  121. 121
  122. 122
  123. 123
  124. 124
  125. 125
  126. 126
  127. 127
  128. 128
  129. 129
  130. 130
  131. 131
  132. 132
  133. 133
  134. 134
  135. 135
  136. 136
  137. 137
  138. 138
  139. 139
  140. 140
  141. 141
  142. 142
  143. 143
  144. 144
  145. 145
  146. 146
  147. 147
  148. 148
  149. 149
  150. 150

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.