Pular para o conteúdo
Publicidade

Salmos 79

Yon Sòm Asaph

1 O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a.

Yo te souye sen tanp Ou an.

Yo te Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.

2 Yo te bay kadav sèvitè Ou yo kon manje pou zwazo syèl yo.

Chè a fidèl Ou yo, yo fin bay a bèt latè yo.

3 Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem.

79:3 Jr 14:16 Pa t genyen moun ki pou antere yo.

4 Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo,

Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo.

5 Jiskilè, O SENYÈ?

Èske Ou va rete fache nèt?

Èske jalouzi Ou va 79:5 Sòm 89:46 brile tankou dife tout tan?

6 79:6 Sòm 69:24 Vide kòlè Ou sou nasyon ki pa rekonèt Ou yo,

ak sou wayòm yo ki pa rele non Ou yo.

7 Paske yo te 79:7 Sòm 53:4 devore Jacob.

Yo te devaste abitasyon Li an.

8 79:8 Sòm 106:6 Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou.

Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou,

paske nou fin rive ba nèt.

9 79:9 II Kwo 14:11 nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou.

Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou.

10 79:10 Sòm 42:10 Poukisa nasyon yo ta di: "Kote Bondye yo ye?"

Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou,

ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.

11 Kite 79:11 Sòm 102:20 vwa prizonyè k ap plenyen yo rive devan Ou.

Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki kondane a lamò.

12 remet a vwazen nou yo, 79:12 Jen 4:15 sèt fwa

antre nan vant yo, repwòch avèk sila

yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.

13 Konsa nou menm, pèp Ou a,

ak 79:13 Sòm 74:1 mouton a patiraj Ou a,

Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan.

A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.

Veja também