Publicidade

Salmos 94

1 O SENYÈ, Bondye a vanjans lan,

Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!

2 Vin leve, O Jij sou a.

Bay rekonpans a moun ògeye yo.

3 Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ,

pou konbyen de tan mechan yo va leve tèt yo wo?

4 Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy.

Tout moun ki mechanste yo vante tèt yo.

5 Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ.

Yo aflije eritaj Ou a.

6 Yo touye vèv yo avèk etranje a.

Yo asasine òfelen yo.

7 Yo fin di: "SENYÈ a pa , ni Bondye

Jacob la p ap okipe sa a."

8 Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la;

Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?

9 Sila ki plante zòrèy la, èske Li pa tande?

Sila ke te fòme zye a, èske Li pa .

10 Sila ki chatiman nasyon yo,

èske Li p ap repwòch?

Sila ki enstwi lòm; Li konnen!

11 SENYÈ a konnen panse a lòm,

ke se sèlman yon souf ke yo ye.

12 Beni se nonm ke Ou bay chatiman an,

O SENYÈ,

ke Ou enstwi nan lalwa Ou a,

13 pou Ou kapab bay li sekou nan jou advèsite yo,

jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.

14 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a,

ni Li p ap lage pèp eritaj Li a.

15 Paske jijman an va devni dwat ankò e

tout pèp ladwati yo va swiv li.

16 Se kilès ki va kanpe pou mwen kont malfektè yo?

Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki mechanste yo?

17 Si SENYÈ a pa t sekou mwen,

nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.

18 Si mwen ta di: "Pye m glise,"

Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.

19 panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,

konsolasyon Ou yo m kontan.

20 Èske yon twòn mechan kapab amitye avèk Ou?

Yon moun ki imajine mal pa dekrè?

21 Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo,

e kondane inosan yo a lanmò.

22 Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e

Bondye mwen an, wòch ki pwoteje mwen an.

23 Li te mechanste pa yo retounen sou yo, e

va koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo.

SENYÈ nou an va koupe retire yo.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-