1 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala kontan mwen te kontan lè yo di m': -Ann ale lakay Seyè a.2 Koulye a, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm.3 Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje.4 Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Seyè a, se la y'ap vini pou di Seyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a.5 Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la.6 Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.7 Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.8 Poutèt fanmi m' yo ak zanmi m' yo, m'ap di: -Benediksyon Bondye sou lavil la!9 Poutèt kay Seyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la, m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.
Publicidade
Salmos 122
Veja também
Publicidade
Salmos
123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150
Ver todos os capítulos de Salmos