1 Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.2 Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m' pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m' bwè.3 Li fè m' reprann fòs. Li fè m' mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.4 Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m' pa kase.5 Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo. Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen.6 Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m', w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m'. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.
Publicidade
Salmos 23
Veja também
Publicidade
Salmos
123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150
Ver todos os capítulos de Salmos