Pular para o conteúdo
Publicidade

Salmos 12

Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd

Yon sòm David.

1 Sekou, SENYÈ, paske 12:1 És 57:1moun ladwati yo sispann egziste,

Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.

2 Yo pale sa ki fo a youn lòt.

12:2 Wo 16:18 Lèv flatè yo ak doub yo pale.

3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,

ak lang ki 12:3 Dan 7:8pale gwo bagay yo;

4 ki 12:4 Sòm 73:8-9te di: "Avèk lang nou, nou va reyisi.

Lèv nou se pou nou.

Se kilès ki kab mèt sou nou?"

5 "Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,

koulye a, 12:5 És 33:10Mwen va leve", pale SENYÈ a;

"Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la."

6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;

tankou ajan ki 12:6 Pwov 30:5teste nan founo,

rafine nan sèt fwa.

7 Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.

Ou va 12:7 Sòm 37:28prezève yo soti nan

jenerasyon sila a jis pou tout tan.

8 Mechan yo pwomennen toupatou tout kote

12:8 És 32:5 bagay ki lèd vin leve wo

pami fis a lòm yo.

Veja também