Pular para o conteúdo
Publicidade

Salmos 19

Pou direktè koral la; yon sòm David

1 19:1 Sòm 8:1 Syèl yo ap pale glwa Bondye a.

Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.

2 Jou apre jou, l ap pale san rete;

19:2 Sòm 139:12 Nwit apre nwit, li revele konesans.

3 Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl

kote nou pa tande vwa yo.

4 19:4 Wo 10:18 Sepandan, eko yo retanti sou tout latè,

ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a.

Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,

5 ki tankou yon jennonm ki fenk marye

k ap sòti nan chanm li.

Li rejwi kon yon nonm k ap kous.

6 Li 19:6 Sòm 113:3leve soti nan yon pwent syèl,

pou wonn li rive jis nan lòt pwent lan.

Anyen pa chape devan chalè li.

7 Lalwa SENYÈ a 19:7 Sòm 119:160pafè

Li rekonfòte nanm.

Temwayaj SENYÈ a vrè,

k ap saj yo senp.

8 Prensip a SENYÈ yo dwat,

ki rejwi.

Kòmandman SENYÈ a san tach.

Li 19:8 Sòm 36:9 zye yo limen.

9 Lakrent SENYÈ a pi;

Li dire jis pou tout tan.

Jijman yo SENYÈ a vrè;

Yo 19:9 Sòm 119:138 jis san manke.

10 Yo 19:10 Sòm 119:72pi chè pase , wi, pase anpil fen.

Yo pi dous pase myèl, pase siwo a

ki tonbe nan gato myèl la.

11 Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a

resevwa avètisman pou atansyon.

Pou sila ki kenbe yo, gen gran 19:11 Sòm 24:5-6rekonpans.

12 Se kilès ki kab rekonèt fot li?

Padone mwen 19:12 Sòm 139:23-24pou fot ke m pa konnen yo.

13 Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo.

Pa kite yo vin domine m.

Konsa, mwen kab rete san fot,

epi va inosan a gran peche.

14 Kite pawòl bouch mwen a avèk

19:14 Sòm 104:34 refleksyon m

vin akseptab devan zye Ou,

O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.

Veja também