Pular para o conteúdo
Publicidade

Salmos 28

Yon sòm David

1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele!

Wòch mwen an, pa vin soud devan m,

paske si Ou 28:1 Sòm 83:1rete silan devan mwen,

mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.

2 Tande 28:2 Sòm 140:6vwa a siplikasyon mwen yo

m kriye a Ou menm pou sekou,

m leve men m sanktiyè sen Ou an.

3 28:3 Sòm 26:9 Pa rale m sòti avèk mechan yo,

avèk sila ki inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo,

pandan mechanste nan yo.

4 Rekonpanse yo 28:4 Rev 18:6selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye yo.

Rekonpanse yo selon zèv men yo.

Remèt yo tout rekonpans pa yo.

5 Akoz yo 28:5 És 5:12pa okipe zèv a SENYÈ yo,

ni travay men Li yo.

Pou sa, Li va chire yo desann, e Li p ap yo remonte.

6 Beni se SENYÈ a,

akoz Li 28:6 Sòm 28:2te tande vwa a siplikasyon mwen yo.

7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.

m 28:7 Sòm 13:5mete konfyans nan Li, e mwen

jwenn sekou.

Pou sa, m leve wo nèt.

Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.

8 SENYÈ a se 28:8 Sòm 20:6fòs yo.

Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.

9 28:9 Sòm 80:1 Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a.

Devni bèje yo tou,

e bay yo soutyen jis pou tout tan.

Veja também