Pular para o conteúdo
Publicidade

Salmos 29

Yon sòm David

1 29:1 I Kwo 16:28-29 Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo,

bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.

2 Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a.

Adore SENYÈ a 29:2 II Kwo 20:21avèk tout sa ki sen.

3 Vwa SENYÈ a sou dlo yo.

Bondye glwa la 29:3 Job 37:4,5 tonnè gwonde, eklate.

SENYÈ a sou anpil dlo.

4 Vwa SENYÈ a gen 29:4 Sòm 68:33gwo fòs.

Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste.

5 Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo.

Wi, SENYÈ a fann an mòso 29:5 Sòm 104:16 bwa sèd Liban yo.

6 Li Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e

29:6 Det 3:9 Sirion tankou yon jèn bèf mawon.

7 Vwa SENYÈ a koupe flanm dife.

8 Vwa SENYÈ a souke savann nan.

Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la.

9 Vwa SENYÈ a 29:9 Job 39:1bich la pitit.

Li forè a vin toutouni.

Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: "Glwa"!

10 SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an.

Wi, SENYÈ a chita kon 29:10 Sòm 10:16 Wa jis pou tout tan.

11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.

SENYÈ a va beni pèp li a avèk 29:11 Sòm 72:3 lapè.

Veja também