Publicidade

Salmos 57

Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth

Yon Mikhtam David, l te sove ale devan Saül nan kav la

1 m gras, SENYÈ, O Bondye, m gras,

paske nanm mwen kache nan Ou.

Wi, nan 57:1 Rt 2:12lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,

jiskaske destriksyon an fin pase.

2 Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,

a Bondye ki 57:2 Sòm 138:8acheve tout sa m mande an.

3 Li va 57:3 Sòm 18:16voye sòti nan syèl la pou sove mwen.

Li repwòch a sila ki foule mwen an. Tan

Bondye va voye rive lanmou dous Li ak verite Li.

4 Nanm mwen rete pami 57:4 Sòm 35:17lyon yo.

Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo.

Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file,

epi lang yo kon yon epe file.

5 57:5 Sòm 57:11 Leve anwo syèl yo, O Bondye;

Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!

6 Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo;

Nanm mwen koube ba.

Yo te 57:6 Sòm 7:15fouye yon fòs devan m.

Yo te tonbe nan mitan li. Tan

7 57:7 Sòm 112:7 m kanpe fèm, O Bondye,

m fèm.

Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!

8 Leve, 57:8 Sòm 16:9glwa mwen! Leve ap avèk gita!

Mwen va maten vin leve.

9 57:9 Sòm 108:3 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.

Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.

10 Paske 57:10 Sòm 36:5lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,

epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.

11 57:11 Sòm 57:5 Leve anwo syèl yo, O Bondye.

Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-