Pular para o conteúdo
Publicidade

Salmos 66

Pou direktè koral la; yon chan, yon Sòm

1 66:1 Sòm 81:1 Rele ak lajwa a Bondye, tout latè a!

2 Chante 66:2 Sòm 79:9 glwa a non Li!

Ranpli lwanj Li ak laglwa!

3 Di Bondye: "Zèv Ou yo 66:3 Sòm 47:2 mèvèye"!

Akoz grandè a pwisans Ou, menm,

lènmi Ou yo va soumèt a Ou.

4 66:4 Sòm 22:27 Tout latè va adorasyon a Ou menm.

Li va chante lwanj Ou.

Tout va chante lwanj a non Ou; Tan

5 Vini pou zèv Bondye yo.

Zèv etonnan anvè fis a lòm yo.

6 Li te 66:6 Egz 14:21 chanje lanmè a an sèch.

Yo te pase travèse 66:6 Jos 3:16 rivyè apye.

La menm, nou te rejwi nan Li!

7 Li renye ak pwisans pou tout tan.

66:7 Sòm 11:4 Zye Li veye sou nasyon yo.

Pa kite rebèl yo egzalte kont Li.

8 Beni Bondye nou an, O pèp yo!

lwanj Li 66:8 Sòm 98:4 sone,

9 ki 66:9 Sòm 30:3 kenbe nou pami vivan yo,

e ki pa kite pye nou glise.

10 Paske Ou te nou pase a leprèv, O Bondye.

Ou te 66:10 És 48:10rafine nou tankou ajan konn rafine.

11 Ou te 66:11 Lam 1:13 rale nou antre nan filè a.

Ou te mete yon fado lou sou ren nou.

12 Ou te moun 66:12 És 51:23 monte sou tèt nou.

Nou te pase nan dife ak nan dlo,

men Ou te nou sòti antre yon kote avèk anpil abondans.

13 Mwen va vini lakay Ou avèk Ofrann brile.

Mwen va 66:13 Sòm 22:25peye Ou ve mwen yo,

14 ki te sòti nan lèv mwen,

ke bouch mwen te pale m te 66:14 Sòm 18:6 nan gwo twoub yo.

15 Mwen va ofri a Ou menm yon ofrann brile nan grès a bèt gra yo,

avèk lafimen a 66:15 Nonb 6:14belye yo.

Mwen va ofrann a towo yo avèk mal kabrit yo.

16 Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondye

e mwen va 66:16 Sòm 71:15-24 pale ou tout sa Li te pou nanm mwen.

17 Mwen te kriye a Li menm avèk bouch mwen.

Ak lang mwen, mwen te 66:17 Sòm 31:1 leve Li wo.

18 Si mwen 66:18 Job 36:21 gade inikite nan m,

Senyè a p ap koute mwen.

19 Men anverite, 66:19 Sòm 18:6 Bondye te tande.

Li te teni kont de vwa a priyè mwen.

20 Beni se Bondye, ki pa t refize koute

lapriyè mwen,

ni ki pa t kache lanmou dous Li a sou mwen.

Veja também