1 Chante a SENYÈ a yon 96:1 Sòm 40:3 chan tounèf!
Chante a SENYÈ a tout latè a.
2 Chante a SENYÈ a!
Beni non Li!
96:2 Sòm 71:15 Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.
3 Pale 96:3 Sòm 145:12 glwa Li pami nasyon yo,
zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
4 Paske gran se SENYÈ a!
Li merite gran lwanj.
Fòk Li resevwa krentif nou 96:4 Sòm 95:3pi wo ke tout dye yo.
5 Paske tout dye a pèp yo se zidòl,
men SENYÈ a te fè syèl yo.
6 96:6 Sòm 104:1 Tout bèlte ak majeste devan L.
Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a.
7 Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo,
96:7 I Kwo 16:28-29 bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.
8 Bay a SENYÈ a 96:8 Sòm 79:9 glwa a non Li.
Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.
9 Adore SENYÈ a nan abiman ki sen.
96:9 Sòm 33:8 Tranble devan L, tout latè a.