Publicidade

Salmos 139

13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

paske mwen fèt yon fason mèvèye.

Zèv Ou yo depase bon konprann

e nanm mwen byen konnen sa.

15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm m te fèt nan sekrè a,

e tise kon mèvèy etonnan nan fon a.

16 Zye Ou te matyè san fòm mwen.

Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

òdone pou mwen yo, menm youn nan yo potko fin rive.

17 Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo yo pou mwen!

A la gran, yo gran anpil!

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-