Publicidade

Salmos 139

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1 O SENYÈ, Ou te 139:1 Sòm 17:3sonde mwen e te konnen mwen.

2 Ou konnen m chita ak m leve.

Ou konprann panse mwen yo de lwen.

3 Ou konn 139:3 Job 14:16egzamine chemen mwen avèk

kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.

4 Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,

Men gade, O SENYÈ, Ou 139:4 Eb 4:13konnen tout li menm.

5 Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e

Ou te 139:5 Job 9:33poze men Ou sou mwen.

6 139:6 Wo 11:33 Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.

Li twò wo.

Mwen pa kab rive kote l.

7 139:7 Jr 23:24 Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?

Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?

8 139:8 Am 9:2-4 Si mwen monte nan syèl la, Ou la.

Si m kabann mwen nan sejou yo, men vwala, Ou la.

9 Si mwen pran zèl nan maten,

si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,

10 menm la, se men Ou k ap 139:10 Sòm 23:2-3mennen mwen,

e se men dwat Ou k ap kenbe m.

11 Si mwen di: "Anverite, 139:11 Job 22:13tenèb la va kouvri mwen,

e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,"

12 menm tenèb la pa tenèb pou Ou,

e fènwa a klere menm jan ak lajounen.

139:12 I Jn 1:5 Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.

13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

Ou te 139:13 Job 10:11tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

paske mwen fèt yon fason mèvèye.

Zèv Ou yo 139:14 Sòm 40:5depase bon konprann

e nanm mwen byen konnen sa.

15 139:15 Job 10:8-10 Fòm mwen pa t kache a Ou menm m te fèt nan sekrè a,

e tise kon mèvèy etonnan nan fon a.

16 Zye Ou te matyè san fòm mwen.

Epi nan liv 139:16 Sòm 56:8Ou a, te deja ekri tout jou ki te

òdone pou mwen yo, menm youn nan yo potko fin rive.

17 Anplis, SENYÈ, a la presye se 139:17 Sòm 40:5panse Ou yo yo pou mwen!

A la gran, yo gran anpil!

18 Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.

m 139:18 Sòm 3:5leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.

19 O ke Ou ta 139:19 És 11:4touye mechan yo, O Bondye.

Soti sou mwen, O moun ki vèse san.

20 Paske yo 139:20 Jd 15pale kont Ou ak mechanste,

e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.

21 Èske m pa 139:21 II Kwo 19:2rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ?

Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?

22 Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt.

Yo devni lènmi m.

23 Sonde mwen, O Bondye e konnen mwen.

Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.

24 Konsa, si gen okenn move chemen nan mwen e

mennen mwen nan chemen etènèl la.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-