1 Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache.
Pa janm kite mwen 31:1 Sòm 25:2vin wont.
Nan ladwati Ou, delivre mwen.
2 Panche zòrèy W bò kote mwen.
Delivre mwen byen vit.
Devni pou mwen 31:2 Sòm 18:2wòch ki ban m fòs,
yon sitadèl ki pou sove m.
3 Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen,
konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.
4 Ou va rale m sòti nan filè ke yo te
prepare an sekrè pou mwen an,
paske se Ou ki fòs mwen.
5 31:5 Luc 23:46 Nan men Ou, mwen mete lespri mwen.
Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.