Publicidade

Salmos 8

Pou direktè koral la; jwe sou gitia la.

Yon sòm David.

1 O SENYÈ, Senyè nou an,

A la non Ou gran sou tout latè!

Ou te 8:1 Sòm 57:5-11parèt klè mayifisans Ou

piwo pase syèl yo!

2 8:2 Mat 21:16 Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,

Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,

pou lènmi an avèk vanjè a sispann.

3 m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,

8:3 Sòm 136:9 lalin ak zetwal ke Ou te yo,

4 8:4 Sòm 144:3 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?

Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?

5 Malgre, Ou te li yon 8:5 Jen 1:26ti kras pi ba pase Bondye,

e te kouwone li ak glwa avèk lonè!

6 Ou li regne sou zèv men Ou yo.

Ou 8:6 Ef 1:22te mete tout bagay anba pye li:

7 Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,

8 zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo,

ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.

9 O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-